Lapolis Nasyonal met ap chèche Marc Naly JOSEPH ki ta sanble asasinen Thaïca Dorvil

Crédit Photo : PNH

Nan yon nòt Lapolis mete deyò, li fè konnen l ap chèche kou chen fou Marc Naly JOSEPH. Endividi sila ta sanble asasinen Thaïca Dorvil, yon demwazèl li te renmen ak li.

Nan lannuit vandredi 1ye jiyè ki sot pase la, endividi ki pote non Marc Naly JOSEPH ta tiye Thaïca Dorvil, yon demwazèl li te ak li, daprè enfòmasyon la Polis Nasyonal jwenn. Zak sasinay sa fèt depatman Sant la.

Selon menm enfòmasyon la Polis pataje, demwazèl 25 lane a te avèk jenòm la, nan lannuit vandredi 1ye jiyè a. Apresa, fanmi li te wè li pa t janm rantre. Sous yo rapòte, prezime kriminèl la ta sanble bat jèn fi a, jan li gen labitid fè sa, jouk li rive etèn souf li.

Kadav demwazèl la te rive jwenn, samdi 2 jiyè pase a, nan yon lokalite ki rele Gedon nan Plato Santral.

Aktyèlman, fòs lòd yo ap chèche endividi sila pou vin reponn devan Lajistis zak sa li ta sanble komèt.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous: paj Facebook PNH

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *