Ti Peter se non yon chèf gang Lapolis Nasyonal fè vale dlo dan li, lendi ki te 18 jiyè ki sot pase a, nan echanj kout bal. Endividi sila ki se manm » 400 Mawozo « , se chèf yon gang ki rele “Tête de Mort” k ap evolye Marassa ki pa two lwen Site Doudoun.
Fòs lòd yo jwenn nan men li yon pistolè Taurus kalib 9 mm, seri TFW1818. Yon zam ki te pou yon polisye ki te viktim nan dat 14 janvye 2022 a.
Menm enfòmasyon yo ta fè kwè chèf gang » 400 Mawozo » a, Yonyon te chwazi Ti Peter pou dirije gang » Marassa » nan Duval 22.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la