Lèt pou kouzen m nan peyi Chili

Lèt pou kouzen m nan peyi Chili

Kouzen kòman ou ye? M panse tout bagay byen pou ou. Kouzen tande non, avanyè pandan mwen sou « fesbouk » mw wè foto ou menm ak yon Chilyèn k ap byen viv, ou pa ta di se tankou kote Bondye ap viv, lè konsa ou bliye lavi ti nèg isit nèt frèm, w ap byen manje m pa bezwen di pou bwè! m pa kwè w tande okenn bri bal ni gen pwoblèm lopital . Wap byen dòmi, petèt vye fredi ki do ap koukouman ou lè konsa, men mwen panse ou nan lapè malgre sa.

Kouzen , lakay fini wi alye , pa gen lavi ankò non , lavi chè ap toupizi ti nèg isi, sak te genyen tou genyen , men nou menm pèp pa gen espwa pou nou ankò, afè lekòl la ou te sonje a , sa fini, chak sòlda ak yon ti plat nan bouda pòch yo yap eseye pase strès, nan Pòtoprens , tout moun ap mache tou mouri, si lamizè pa fèl, nap tann kilè pou bandi di mo pal la.

Ou sonje lè ou tap etidye Pòtoprens chak ti vakans nou te lakay ansanm? Ebyen papa, bagay konsa fini lontan wi , chèf Matisan yo pa pèmèt bagay konsa, si yon nèg mandouran ta reziyel tout bon pou li ale , se yon kote yo rele Taraz li oblije pase, bon sak pi mal la , li gen pou goumen ak matyak labou santi, pandan lap rale sou pye l’ , imajinew kiyès kap mandel bourad pou edel pouse bouda machin bakalaw? Sa nou tande ki rele polisye yo frèm, yo menm tou pa vle pote fal yo al bay vakabon Matisan fè yo vale bastistè yo. Yap kouri pou ensekirite nan Matisan pou fofile mòn Taraz la oubyen Sen Jid.

Jovenel Mouri, yo mete Ariel kòm minis, yon granmoun ki pimal pase yon kopi. Tout opozisyon kalme paske chak chen jwenn zo payo a, peyi a fini, pèsonn pa ka sikile . Nan moman map ekri w’ ti lèt saa janw sonje sa te fèt pou Matisan an, moun kwadèboukè dègèpi. Bandi,vakabon san sal kwape yo nan pwòp jouk yo.

Kouzen mwen sonje , lè w te kouri al kache Chili, m te konn pale w mal nan baz la bò lakay la, mwen te di w gen foli dyaspora, apre filo w al sekle bannann pou Chili, ebyen frèm, mwen mande w padon. M pat panse se wè w te wè pilwen pasem, mpat konprann si se wè w te wè pesonn jèn pa gen avni nan peyi isit.

Kouzen gen koze pa gen dyòl. Vye moto ou te kite nan men Jastram lan, depi 2 semèn li paka jwenn gaz pou li mete ladan li pou li fè degouden. Lè ou te pòtoprens, kous ou te konn peye 15 goud la se 50 goud li ye kounya wi.

Jodia tout anbasad oblije femen pòt yo pou nou paske nou nwi yo twòp pou viza, tout moun bezwen kouri kache, avanyè map tande gran papam ki dil santil ta kite peyi saa apre li fin pase plis pase katreven lane ladanl.

Kouzen , nenpòt lè w pa ta tandem, ou pa bezwen panse male ni nan panyòl , ni kote ki gen yon lòt pò, konn se papa bandi ki deside ke jou pam nan bout. Pa etone w pou nenpòt move nouvèl ou tande de pèsonn isit paske nou chak nan sèkèy nou, nap veye dat antèman pa nou. Adye frèm.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *