
Watson SAINT-LOT, ajan POLIFRONT enfòmasyon ta fè kwè ki te souflete ansyen Senatè Jean Baptiste BIEN-AIMÉ, ta dwe reponn kesyon Lajistis, mèkredi 29 jen k ap vini la.
Nan yon lèt, Komisè Gouvènman Tribinal Premyè Enstans Fòlibète a mèt Eno ZÉPHIRIN ekri Direktè Depatmantal Polis Nòdès la komisè Divizyonè Marc-André CADOSTIN pou mande l mete Watson SAINT-LOT ajan POLIFRONT an a dispozisyon Lajistis, mèkredi 29 jen k ap vini la.
Enfòmasyon ta fè kwè, ajan POLIFRONT an ki afekte nan baz komin Wanament, ta bay ansyen Senatè Jean Baptiste BIEN-AIMÉ yon kalòt pandan yon altèkasyon antre yo, nan dat ki te 23 jen pase a, devan baryè Dwàn Wanament.
Nan lèt Komisè Gouvènman Tribinal Premyè Enstans Fòlibète a ekri pou Direktè Depatmantal Polis Nòdès la komisè Divizyonè Marc-André CADOSTIN, li fè konnen li sezi dosye sa fòmèlman depi aprè yon jou ensidan an te pwodwi. Paske ansyen Senatè Nòdès la te depoze yon plent kont polisye a. Se pou rezon sila li konvoke l pou li kapab chèche verite nan kad dosye sa.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Ouanaminth info plus