
Aprè semèn gwo mouvements mobilizasyon te tanmen nan divès rakwen nan peyi a, otorite nan PNH la mande popilasyon an pou l kenbe kalm li pandan enstitisyon an ap kontinye pran kontwòl sitiyasyon dezòd jeneralize sa a.
Nan yon nòt PNH la mete deyò, ayè samdi 17 septanm nan, enstitisyon an mande popilasyon an pou l rete kalm pandan l ap kontinye travay pou l pran kontwòl sitiyasyon dezòd ki genyen nan divès kote nan peyi a.
Daprè, otorite nan enstitisyon ki la pou pwoteje ak sèvi a, barikad wòch, poto elektrik ki kase, kawotchou dife, boutèy ak fè fòje konplike travay lapolis la pi plis pou pote asistans ak moun ki nan bezwen.
PNH la fè konnen gen moun ki bezwen ale lopital, gen moun ki pa kapab jwenn manje ak dlo nan katye yo san konte moun ki bezwen asistans ajan yo pou pwoteje vi yo oubyen byen yo.
Nan fen nòt sila, Lapolis Nasyonal la deklare li konte sou konpreyansyon tout moun epi pwofite lanse yon pinga bay bay tout endividi kap pwofite atake entegrite fizik moun ak biznis moun.
AlixISRAËL
alixisrael53@gmail.com