Nan kèk zòn nan Kwadèboukè, bandi yo touche taks sou kay

Nan kèk zòn nan Kwadèboukè, bandi yo touche taks sou kay

Definivman se bandi ki kòmande nan peyi d’Ayiti. Nan anpil zòn se yo ki mèt e Seyè, yo fè sa yo vle, jan yo vle, kote yo vle san laperèz. Nan Kwadèboukè se yo menm ki majistra, bandi ki ta fè pati gwoup 400 mawozo enpoze ak anpil pwopriyetè oubyen lokatè pou yo peye taks sou kay yo genyen an.

Depi kèk mwa, komin Kwadèboukè, youn nan komin ki pi gwo nan peyi a tounen yon zòn wouj. Bandi antre kay moun, bat yo, vyole yo e piye sa yo genyen. Mete sou sa, yo kidnape anpil moun pami viktim sa yo 17 misyonè, 16 ameriken ak 1 kanadyen.

Nan komin sila a, zafè Leta a pa egziste, se bandi yo ki kontwole tout bagay, nache, lekòl, kouran, dlo, wout, elatriye. Pou sa ki gen awè ak taks, bandi yo nan kèk zòn mande pwopriyetè oubyen lokatè kay yo pou yo peye kontribisyon fonsyè. Pou fè sa yo pase bay anvlòp nan chak kay pou mete kòb la epi pou yo pase pran li chak samdi.

Nan ka ke ou paka bay kòb la nan lè ki prevwa pou sa, w ap dwe yo li oubyen si ou paka peye pwopriyetè oubyen lokatè a ap kite kay la, selon enfòmasyon nou rive jwenn. Nan zòn sila yo, yon moun pa kapab deside deplase jan li vle. Fòk chèf la okouran ke gen yon moun k ap bwote kite zòn lan e fòk moun sa a peye pou sa.

Se yon sitiyasyon ki malouk malouk nan komin Kwadèboukè, anpil timoun ak paran yo oblije dezète lage yo nan lòt zòn nan kapital la oubyen nan vil pwovens pou sove tèt yo anba men bandi ki pa sispann fè yo monte manswife.

Anpil nan paran sa yo te gentan peye lekòl, fè inifòm, achte materyèl eskolè. Ministè Levasyon Nasyonal an aparèy santral leta a pa janm louvri bouch yo pou di yon mo sou sitiyasyon sa a ki pa sispann deteryore chak jou pi plis.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *