Operasyon Lapolis zòn Tòsèl, yon bandi tonbe epi de moun yo te kidnape jwenn liberasyon yo

Jodi samdi 9 jiyè 2022 a, Lapolis Nasyonal Dayiti mennen yon operasyon nan zòn Tòsèl. Li rive rekipere de (2) moun bandi san fwa ni lwa te kidnape. Yon grenn nan bandi sa yo rive pèdi lavi l nan echanj kout zam ak fòs lòd yo.

Nan yon nòt enstitisyon Lapolis la mete deyò, li fè konnen yon operasyon te mennen granm bonè, jodi samdi a, nan zòn Tòsèl. Planifye pa Direksyon Depatmantal Lwès la, operasyon sila te rive mennen ak plizyè ajan espesyalize nan DCPJ tankou Brigad Rechèch ak Envestigasyon ansanm ak Brigad Lit kont Vòl Veyikil.

Nan kad operasyon sa, plizyè bandi k ap opere nan zòn nan te kouri aprè yo te fin mezire fòs yo ak deplwaman polisye sa yo. Youn nan yo te rive pèdi lavi l akoz bal fòs lòd yo li ta resevwa.

Operasyon an tou te pèmèt ajan yo rekipere de moun, pami yo yon adolesan, menm bandi sa yo te kidnape, toujou samdi maten an, nan zòn Pènye. Pou kounye a, viktim yo nan DCPJ ap tann yo remèt bay fanmi yo

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : paj Facebook PNH la

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *