Peyi a leve toupatou an mòd « lock »

Peyi a leve toupatou an mòd « lock »

Swit ak desizyon PM Ariel Henry pran pou monte pri gaz la, plizyè vil nan peyi a leve an mòd lock depi ayè lendi 12 septanm nan. Daprè pwotestatè yo nan tout rakwen peyi a k ap reklame depa PM nan, depi gaz la monte peyi a ap bloke.

Pòtoprens, Dèlma, Okap, Okay, Jakmèl ak lòt ankò, se ansanm vil nan peyi a ki bloke swit ak desizyon Chèf gouvènman an pran pou monte pri gaz la nan ponp yo. Ayè lendi a, plizyè gwoup pwotestatè te foule makadam la pou mande otorite yo retounen sou desizyon sila.

Madi 13 septanm nan, byen bonè nan maten, sitiyasyon an pa chanje, nan plizyè kote nan kapital la, barikad drese pou anpeche machin sikile san konte anpil biznis fèmen pòt yo.



AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *