Otorite peyi Mali yo bay lòd , jodi mèkredi 20 jiyè a, pou Pòt Pawòl Misyon Nasyonzini pou Mali an (MINUSMA : Mission des Nations Unies pour la Stabilité du Mali) kite peyi a akoz li ap bay manti sou dosye 49 militè Ivwaryen ki nan prizon nan Bamako, dapre yon kominike ofisyèl.
Ministè Afè Etranjè ak Kowoperasyon Entènasyonal Mali anonse jodi mèkredi 20 jiyè 2022 a, yo bay 72 zè a mouche Olivier Salgado pou li kite peyi a. Mesye Salgado se pòt pawòl Misyon Nasyonzini pou estabiliye peyi Mali ( MINUSMA en français).
Selon otorite malyèn yo, pòt pawòl l ap fè deklarasyon san prèv sou dosye 49 militè Ivwaryen ki nan prizon nan vil Bamako, peyi Mali. Pou chèf yo nan peyi , mouche Salgado ap plede bay manti san okenn fondman.
Nan Nouyòk, pòt pawòl Nasyonzini an (ONU) an Farhan Haq reyaji. Li fè konnen L’ONU « regrèt anpil » desizyon sila a pandan l ap eseye pote limyè pou otorite malyèn yo.