Pòdepè : Komisè Virgile Michelet jwenn revokasyon li, yon nouvo komisè gouvènman nonmen

Credit Photo : RezoNodwès

Aprè tout briganday ki te pete nan koze prezime trafikan zam, komisè gouvènman nan jiridiksyon Pòdepè a, Virgile Michelet, te libere aprè Lapolis te fin arete l, ebyen komisè sa a rive jwenn revokasyon li.

Vital Bertin, se non nouvo komisè gouvènman nan jiridiksyon Pòdepè Minis Jistis la, Berto DORCE nonmen. Li ranplase Virgile Michelet ki jwenn revokasyon li paske li te libere yon prezime trafikan zam ki pote non Jean Fritz Jean Rélus Lapolis te arete nan kad yon dosye zam ak katouch ajan ladwan nan komin Pòdepè te sezi.

Nouvo komisè gouvènman jiridiksyon Pòdepè a rive enstale aprè li fin jwenn lèt nominasyon li ki siyen pa Minis Jistis la Berto DORCE.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *