Prezidan peyi Lafrans la Emmanuel Macron kòmanse yon vire tounen sou kontinan afriken an

Prezidan peyi Lafrans la Emmanuel Macron kòmanse yon vire tounen sou kontinan afriken an

Prezidan peyi Lafrans la, Emmanuel Macron rann li, jounen lendi 25 jiyè a, sou kontinan afriken an nan kad yon seri vizit ofisyèl l ap fè nan plizyè peyi sou kontinan an.

Jodi lendi 25 jiyè 2022, Prezidan peyi Lafrans la, Emmanuel Macron kòmanse yon toune sou kontinan afriken an. Nan kad toune sila, Chèf Leta fransè a ap gen pou li rann li aswè a an Kameroun, mèkredi k ap vini la, li prale Benen, epi jedi l ap konkli seri vizit ofisyèl sa yo nan peyi Ginen-Biso.

N ap raple se premye fwa prezidan fransè a depoze pye l nan Bèso limanite a depi aprè li fin reyeli prezidan, nan mwa avril ki sot pase a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : BMFTV

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *