Radyo Televizyon Karayib, youn nan radyo ki plis popilè nan Peyi d’Ayiti kanpe emisyon li yo jodi madi 9 novanm 2021 an lakoz pwoblèm gaz la ki vin pi ra chak jou sou mache nasyonal la e ensekirite a ki pa sispann fè viktim tout kote sou ti bout tè sila a.
Apre anpil enstitisyon fèmen pòt yo oubyen redui nan kantite lè ak jou yo te konn travay, madi 9 novanm lan se tou ps Radyo Karayib, youn nan stasyon ki pi popilè nan peyi D’Ayiti. Selon sa yon jounalis radyo a konfye ak yon sous nou ka fè konfyans, reskonsab radyo a ta va pran desizyon sila a lakoz pwoblèm gaz la ak ensekirite an.
Sitiyasyon an vin pi matchak chak jou nan peyi an, pwoblèm gaz la afekte tout aktivite sou ti bout papa Desalin lan. N ap fè sonje ke Radyo ak Televizyon Metwopòl oblije redui tou nan kantite lè li te konn travay ak pwogramasyon li.