Seksyalite|-. Eske ou te konnen gen kapòt ki fèt pou lang ?

Seksyalite|-. Eske ou te konnen gen kapòt ki fèt pou lang ?

Nan lide pou pwoteje patnè seksyèl ki plis renmen fè  » zonyon  » oubyen  » tibèf  » yo kont maladi ak enfeksyon (IST, MST) yo kapab atrape, espesyalis twouve li nesesè pou mete yon prezèvatif sou mache a ki fèt pou mete nan lang.

Anpil moun lè yo nan relasyon seksyèl ak patnè yo, yo gen tandans fè  » Tibèf  » pou li. Sa ki vle di li souse, niche pati jenital moun li ap fè bagay avèk li a. Nan ka sa a, li fasil pou tou de (2) patnè yo trape enfeksyon. Paske si lang la pa pwòp, sa kapab lakoz pati jenital patnè a enfekte. Moun nan kapab trape yon MST ( Maladi seksyèlman transmisib). Nan lòt ka a, moun ki ap fè Tibèf la tou kapab pran enfeksyon nan bouch li.

Pou  » zonyon  » an li menm, se posesis kote yon patnè ap bay yon lòt patnè plezi nan dèyè l (posteryè) men se avèk lang li. Nan ka sa, anpil bagay kapab rive. Si dèyè a pa fin pwòp nèt gen anpil chans pou moun k ap fè  » zonyon  » an pran yon enfeksyon.

Se nan lide sa yon prezèvatif pou lang disponib sou mache a.

Crédit Photo : Ivoirematin.con

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *