Sosyete|-. 8 bagay ki atire moun anpil

Tout moun konnen jan yo wè tèt yo se pa menm jan an lòt moun wè yo tou. Anpil fanm panse se aparans fizik ki atire moun sou yo. Sa ki vle di pou yo atirans chita sèlman sou aparans. Anpil rechèch ki fèt montre se pa vre. Ansanm rechèch sa yo idantifye 8 bagay nan yon moun ki atire lòt moun.

1- Moun ki sanble ak nou

Nan kad yon etid, yon gwoup ekspè mande plizyè fanm ak gason pou yo gade plizyè foto pou yo kapab chwazi sa ki atire yo plis la. Pami foto sa yo, gen youn pou yo chak kote sèks yo chanje ladan l. Ebyen, tout patisipan yo fè konnen se foto vizaj atifisyèl yo a ki atire yo plis. Sa ki parèt etranj. Men sa nou dwe konnen, plis moun ki entoure nou sanble ak nou, se plis tou nou atire vè yo menm.

2- Moun atire vè moun ki sanble ak paran yo

Sa ki parèt ankò pi etranj men ki verite. Nan ka sa, syantifik yo demontre tout moun ap chèche trè jenetik ki menm nan patnè yo pou yo kapab ranfòse materyo jenetik timoun yo gen pou yo fè antre yo.

3- Òmòn yo

Nou tout dwe admèt òmòn yo afekte atitid nou anpil. Yon fi parèt plis atiran pou yon gason lè li nan peryòd ovilasyon l. Menm jan yon gason plis atiran pou yon fi nan moman li sekrete plis  » testostewòn « . Toutan yon gason gen plis  » fewonòm « , se plis l ap atire fanm sou li. Òmòn sa aji sou sèvo fi k ap respire l epi aprè sèlman 15 minit yo kapab wè gason sa pi atiran, pi eksitan. Sa ki kapab fè yo ba li plis atansyon.

4- Tansyon ak atirans

Sipoze ou eksite anpil aprè ou fin fè yon aktivite fizik tankou espò, pa egzanp, ou rankontre yon moun nan moman an, gen anpil chans pou ou atire l.

5- Lè moun pa wè ou souvan

Se yon lòt eleman ki kapab pèmèt yon moun atire yon lòt moun. Lè yon moun pa wè yon moun souvan sa vin ba l anvi wè l toutan. Anpil ekspè fè kwè li efikas anpil si yon moun vle relasyon li ak moun dire. Se plis kote gason li mache paske yo toujou vle sa yo pa ka jwenn fasil.

6- Grangou ak atraktivite

Yon etid ki reyalize montre yon gason ki grangou ap prefere wè l avèk yon fi ki gwo nan moman li grangou a. Menm jan yon gason ki rasazye ap chwazi yon fi ki mens. La ankò, se sèvo a k ap travay. Li voye siyal ki fè gason an kwè li pòv, se yon gwo fi pou li pran. Fi gwo kò a sinonim pou li, nan ka sa,  » richès  » ak  » byennèt « . Se yon reyaksyon ki afekte anpil atirans seksyèl moun.

7- Sans moun : wè, santi, goute

Atraksyon se yon posesis il mete an aktivite tout sans ki nan yon moun. Lè yon moun atire pa yon lòt moun sa pa depann sèlman de aparans fizik lòt moun nan. Jan moun nan abiye, fason li pale, jan li chita, fason li mache, sant kò li, elt., tout se yo konte.

Koulè rad

Anpil etid revele koulè rad ki parèt sonm (nwa, gri, elt) pi atiran. Se sa k fè lè yon moun mete yon rad nwa (vès nwa oubyen kòsaj nwa) li parèt pi entèlijan, li parèt pi konfyan tou.

Vwa

Tout fanm pa konn sa, tout gason fou pou fi ki gen vwa dous. Sa ki vle di vwa afekte anpil atirans seksyèl yon fi. Rechèch yo fè kwè gason renmen vwa fi ki dous. Vwa ki pa ni twò wo ni twò ba tou. Anpil gason pa wè defo yon fi genyen nan kò li, lè fi sa a gen yon vwa ki dous. Se paske vwa dous senbolize feminite lakay yon fi. Pou fi yo, yo atire plis vè yon gason ki gen gwo vwa.

Sant

Anpil rechèch montre depi lontan moun jije moun sou sant yo. Yon fason pou di, plis ou santi bon se plis moun ap renmen ou. Se vre lanmou kapab pètibe  » sistèm kòporèl  » yon moun sitou sans li men rechèch yo montre reyisit yon moun nan yon relasyon, menm jan ak atirans seksyèl li, depann anpil de sant kò li ap degaje.

Bagay ki pa nòmal

Sa ki etranj men se vre. Yon fi atire pa yon gason ki gen Mak sou po l. Sikatris senbolize fòs ak kouraj kay gason. Paske anpil fwa, se nan batay mak yo fèt. Batay ki se yon siy  » maskilinite « . Dan yon moun ki pa nòmal, cheve yon moun ki pa nòmal, se lòt eleman ki atire moun. Eleman ki pa nòmal nan kò moun yo rete nan memwa moun pi byen.

Langaj kò

Kominikasyon ki pa gen anyen pou wè ak pawòl gen plis fòs pase yon pawòl yon moun kapab di. Langaj kò paka kache. Li montre ki jan de moun yon moun ye.

Souri

Lasyans montre 60% fanm ki konn souri gen plis chans pou atire gason pase lòt ki pa konn souri yo. Nan ka gason yo li diferan. Rechèch yo montre, fanm yo pito gason ki pa souri souvan. Sa montre yo gason sa pi serye. Yon gran souri sou vizaj yon gason kapab yon gwo malediksyon pou gason sa paske sa ka fè anpil fanm pa renmen l. Souri senbolize feminite.

Eksprime kòlè

Fanm pi atire pa gason ki gen ekspresyon kòlè nan vizaj yo. Sa fè yo kwè, san yo pa rann kont, gason ki konsa ap mennen gwo batay nan lavi li. Menm jan tou rechèch yo montre fanm ki renmen gason ki gen ekspresyon kòlè nan vizaj yo, yo pap anvizaje rete avèk yo nan yon relasyon, paske pou yo, gason sa yo pa fidèl.

8- Laj paran yo

Moun ki granmoun anpil pi atiran pou yon moun lè l te fèt paran l te gen plis pase 30 tan. Se paske yo gen abitid depi pandan yo timoun ap gade vizaj granmoun. Yon ankèt ki fèt sou plizyè etidyan pèmèt moun konprann rezon ki fè granmoun ki gen rid ban vizaj yo pi atiran.

Pou fanm yo, gason ki gen rid bon ni pou relasyon k ap dire ni pou relasyon ki kout tou tandiske pou gason, fi ki gen anpil laj bon pou relasyon long.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source : page Facebook

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *