Sou chak 500 goud minit rechaj machann pap padap yo vann, yo fè sèlman 35 goud

Sou chak 500 goud minit rechaj machann pap padap yo vann, yo fè sèlman 35 goud

Malgre enflasyon ak sitiyasyon lavi chè a k ap taye banda nan peyi Dayiti, vann minit telefòn pa janm gen evolisyon ki fèt ladan l. Sa ki vle di benefis machann  » Pap padap  » oubyen  » Lapoula  » fè sou kantite minit yo vann pa janm ogmante.

Si pou anpil moun vann  » Pap padap  » ak  » Lapoula  » se yon antrepriz ki rantab, reyalite a pa montre sa. Yon machann pap padap, nan lari Pòtoprens, pa pè mete dlo nan bouch li pou li esplike se mwens pase 10 % benefis yo fè sou kantite minit yo vann.

 » Machann minit pa ka fè kòb pou li manje. Lè li vann pou 1000 goud Pap padap oubyen Lapoula, se sèlman 70 goud li fè. Nou pa kapab manje non ak biznis sa mezanmi. « 

Nan yon peyi kote pri manje ap monte chak jou, se difisil pou yon moun ki gen biznis vann minit telefòn viv, sitou si li gen madanm ak pitit.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *