
Daprè yon sous nou kapab fè konfyans, viza ameriken Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Berto Dorce bloke.
Mèt Berto Dorce te gen pou l te rann li nan peyi Etazini, jounen jedi 27 oktòb la. Pandan li nan sèvis imigrasyon anbasab amerikèn la, minis la resevwa enfòmasyon ki fè kwè viza li a bloke. Sa ki lakoz li pap kapab antreprann vwayaj la.
Sous la pa endike si desizyon sa pran nan kad aplikasyon rezolisyon Konsèy Nasyonzini an. Yon rezolisyon ki vize sanksyone gang yo ak tout aktè k ap finanse yo.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com