Yon demwazèl touye mennaj li ak yon kout kouto bò kou pou jalouzi

Crédit Photo : Actualités locales TV

Nan Deriso, yon demwazèl rive tiye yon nèg li renmen avè l. Dram sa a rive samdi pase a. Daprè plizyè sous, ta sanble se jalouzi ki pote demwazè l la ale. Pou kounye a, Lapolis ap chèche l kou chen fou.

Aprè plizyè zak ki rive nan sosyete a, dènyè jou sa yo, kote gason ap tiye fanm yo renmen avèk yo, fwa sa a, se tou pa yon jèn fi, ki rive asasinen mennaj li ki pote non Kendy. Menm enfòmasyon yo fè kwè, jèn fi a ki t ap fè jalouzi bay jenòm la yon sèl kout kouto bò kou li epi vide l atè. Yon zak ki rive nan Deriso.

N ap note sosyete ayisyèn nan ap fè fas ak pwoblèm koup kote yon patnè ap touye konjwen li pou nenpòt detay.

Pou sa ki konsènen jèn fi sa a, Lapolis ap chèche l kou chen fou pou li vin reponn kesyon lajistis.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *