
Daprè yon etid ki fèt nan peyi Lawolann, pou yon gason ret an sante, li t ap pi bon pou li pipi chita. Sitou pou gason ki gen pwoblèm postat yo.
Pipi kanpe pa t janm yon bagay lanati egzije pou yon gason men se pito lakilti nan divès peyi, nan divès sosyete ki aprann yon gason sa. Nan menm lide sa, pipi kanpe pa pi benefik pou yon gason men se pito lè li chita pou li fè li a, l ap jwi yon pi bon lasante. Se sa anpil syantifik an Ewòp espesyalman nan peyi Lawolann fè konnen.
Kisa ki eksplike sa ?
Ebyen ! Yon kote, lè yon moun (fi kou gason) chita pou li pipi, sa pèmèt li mete plis fòs pou li fè sa. Yon lòt kote, lè gason an pipi chita mis basen li ak anch li detann yo pi byen. Sa ki fasilite pipi a kite sòti nan vesi a. Aprè, daprè Doktè Jesse N.mills, site pa yon magazin ki rele Sun, chita pou pipi a t ap meyè opsyon pou yon gason ki gen difikilte pou li kanpe pandan yon tan ki long.
Kijan posesis la fèt ?
» Lè yon gason chita pou li pipi, li itilize plis mis ki nan vant li yo. Sa k ap pèmèt li pa kite rès pipi nan vesi li » Doktè Jesse N.mills esplike pou l di. Pou li menm, yon moun ki pa janm santi li fin pipi dwe itilize pozisyon sa pou li fè sa paske aprè l ap santi li pa kite anyen. Doktè a menm kontinye pou l di, si moun sa pa santi li konsa aprè li fin pipi chita a li dwe ale wè yon medsen paske sa kapab lye ak yon koz.
Pwoblèm sa kapab bay lè yon gason pa pipi chita
» Si vesi gason an pa vide nèt lè li fin pipi sa kapab lakòz sa yo rele yon » estaz irinè » epi mennen dèyè li enfeksyon ak pyè nan ren. » se sa doktè a ta fè kwè. Pou li menm, si pipi rete nan vesi yon moun, pwodwi chimik ki ladan ki nan » ire » a ap ret kote pou fòme kristal. Aprè tan k ap pase, kristal sa yo ap vin di tankou wòch e sa ap tou lakoz moun sa devlope maladi » pyè nan vesi « .
Konsa tou doktè a raple li enpòtan pou yon moun toujou enkyete sou kijan pipi an ap sòti tankou : si li sòti lan, si li sòti gout pa gout, oubyen yon moman li vide yon lòt moman li kanpe, si li pran tan pou li kòmanse, elatriye. Tout sa yo se siy ki montre yon gason ka devlope maladi ki lye ak vesi li.
Sa ki enpòtan pou doktè sila ak anpil lòt syantifik ankò, li t ap pi bon pou yon gason pipi chita pou li kapab ret an sante.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source: Safety promo