Yon manm gang Ti Makak tonbe anba bal Lapolis

Yon manm gang Ti Makak tonbe anba bal Lapolis

Lapolis mete domi nan zye Maçon Silencieux, yon manm gang Ti Makak k ap opere nan Laboul. Enfòmasyon ta fè kwè endividi sila pèdi lavi l nan echanj kout bal ak ajan fòs lòd yo, nan lannuit madi 3 janvye 2023. Daprè PNH la, Maçon Silencieux enplike nan plizyè ka kidnapin ki fèt nan komin Petyonvil.

Nan lajounen menm 3 janvye a, 3 lot bandi Lapolis pa revele idantite yo pèdi lavi yo tou toujou nan kad afwontman. Sa ki lakoz 3 polisye blese nan kad operasyon sa a. Fòs lòd yo rive rekipere yon zam manch long ak 4 veyikil pami yo yon motosiklèt.

Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen operasyon sa yo ap kontinye nan katye ki gen gwo risk yo nan lide pou netralize tout malfra ki anpeche popilasyon an vakye libe libè ak aktivite l.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *