Yon pastè rale manchèt li, mande fidèl yo fè menmjan an pou konbat kidnapin lan.

Yon pastè rale manchèt li, mande fidèl yo fè menmjan an pou konbat kidnapin lan.

Depi kèk semèn legliz pwotestan pa a labri devan je mesye kidnapè yo. Preske chak dimanch, mesye yo kidnape yon manm legliz pwotestan. Nou sonje depi jan sa te fèt nan mwa avril pase a , kote yo te kidnape an direk kè manb legliz advantis ki tap adore, menmjan an tou yo te antre nan yon legliz pwotestan kidnape yon madanm e touye maril andan legliz la. Ebyen jodia sektè saa santi li menase. Pagen leta ki pou bayo konkou, ebyen kèk pastè oblije mande fidèl yo pou defann yo jan yo konnen.

Nan yon bout videyo kap sikile sou entènèt la nou wè yon pastè sou chè legliz li, rale yon manchèt file byen flanm , pouli moutre fidèl yo epi mande yo pou yo fè menm bagay la pou pwoteje tèt yo kont kidnapè ki lage kou chen fou dèyè moun legliz pwotestan yo.

Èske pastè saa gen rezon? Eske si yon kidnapè ta vini pou eseye pranl sou chè legliz la li tap tou koupe tèt li lagel sou chè a li fini ak sa? Kisa komisè gouvènman an ta sipoze di nan koze saa? Eske jès sa gen moralite ladanl? Eske se sa Jezi te di Pyè lè yo te vin arete li a?

Ayiti rive nan yon kafou, pyès moun pagen lespwa. Tout saw pata espere wè, se li nap wè kibò sa ap rive? Tout moun mèt touye tèt yo yo fini?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *