
Nan dènye jou sa yo anpil Ayisyen ap chèche lòt destinasyon pou kapab pwoteje tèt yo kont ensekirite, kidnapìn ak kriz politik ki ap brase bil peyi a depi yon bon bout tan. Apre Brezil, Chili, Sirinam ak Tiki, nan lis la vin ajoute Meksik.
Peyi Meksik twouve li nan pati meridyonal Amerik Nò, li mezire 1 964 375 km². Nan lane 2020, Meksik te genyen 128 649 565 moun. Nan mond lan li se dizyèm peyi ki genyen plis moun. Plis pase 99% meksiken pale panyòl ( Espanyòl). Se yon peyi ki genyen bèl plaj, bèl moniman ak sivilizasyon li yo ki fè moun toujou anvi vizite l. Kijan yon Ayisyen kapab ale Meksik ?
Vwayaje pou ale Meksik
Pou yon Ayisyen antre nan peyi Meksik l ap bezwen Viza, kontrèman ak sitwayen peyi Kanada, Etazini, Lafrans ak lòt peyi an Ewòp ki pa bezwen Viza. Genyen plizyè tip viza peyi sila a kapab bay pou yon moun antre sou teritwa li. Men pi kouran yo se :
- Viza Touris
- Viza Etid
- Viza Regwoupman familyal
- Viza Travay
Viza Touris
Pou jwenn yon viza touris pou ale Meksik genyen anpil ekzijans. Moun ki fè demand lan ap bezwen montre anbasad la li gen yon travay ki peye l plis pase 500 dola ameriken pa mwa oubyen yon kantite nan yon lòt lajan ki kapab egal ak li. Si moun la pa gen yon travay ki peye li kòb sa a li kapa montre li gen yon balans ki plis pase 2 mil dola ameriken oubyen yon kantite ki egal ak li an goud sou kont li nan 3 dènye mwa yo, oubyn papye kay , patant biznis …. tout sa yo se youn oubyn lòt, wap bwzwen yon sèl pami yo. Fòk paspò ou pa espire e valiz pou omwen 12 mwa pou kapab mande viza a, fòk ou ranpli tou fòmilè viza a e fè foto fòma paspò pou remèt nan konsila a.
Viza Etid
Pou jwenn viza etidyan, demandè a ap bezwen yon lèt admisyon nan yon Inivèsite Meksik , yon prèv lajan pou dire etid la : si demandè a gen mwens pase 25 lanne, yon moun kapab ba li yon lèt kote notè siyen. Fiti etidyan an dwe montre kote li aksepte pou li peye tout sa ki gen a wè ak etid la, li dwe montre yon sètifika bankè ki genyen pi piti 10 mil dola ameriken ou ekivalan li sou kont bankè li pandan 3 dènye mwa ki pase yo.
Si demandè a gen plis pase 25 lane , se li menm ki dwe bay prèv kòb sila a sou kont pèsonèl li.
Apre tout sa yo demandè a ap bezwen fotokopi paspò, foto idantite ak lajan pou demand viza a ki nan 45 dola ameriken pou pi piti.
Viza pou Regwoupman familyal
Nenpòt moun ki rezide Meksik, nenpòt tip rezidans li genyen an li kapab antre manmanl, papal, mari, madanm, pitit oubyn tifrè ak tisè ki gen pi piti ke 18 ans ,oubyn frè ak sè ki gen yon andicap kèlkonk.
Pou mari ak madanm demandè a ap bezwen ak maryaj legalize ki gen pou piti 3 mwa depi l fèt, fotokopi paspò, foto idantite, elatriye. Pwosesis sila a sipoze lanse depi Meksik nan imigrasyon kote otorite imilyasyon yo ap bay yon papye pou ale anbasad pou kontinwite pwosesis la.
Viza travay
Pou viza travay la , pwosesis la sipoze kòmanse depi nan imigrasyon Meksik tou. Yon enstitisyon oubyen yon antrepriz Meksik voye yon lèt travay pou ou. Ak Lèt sila a yon pwòch oubyen antrepriz la pral nan imigrasyon ak li, otorite imigrasyon yo ap bay yon papye ki ap vin jwenn demandè a Ayiti pou li kapab ale nan anbasad pou pou li kapab jwenn viza.
Gen lòt mwayen tou kote yon enstitisyon kapab invite yon moun vin patisipe nan yon konferans , woumble, elatriye… mwayen sila a li menm mande pou enstitisyon an anregistre legalman Meksik nan SAT ( ki se DGI pou Ayiti) epi nan imigrasyon e li gen dwa pou sa.
Pèsonn patikilye pa kapab poul voye lèt envitasyon bay kikonk . Anpil moun ki ap di y ap bay yon moun kat rezidans pou li kapab antre Meksik, sa a pa posib ankò.
Rezon an se paske foto ki sou kat rezidans lan, se nan imigrasyon li fèt ak kamera dijital. Nan menm moman sa a y pran anprent lan sou yon machin ki espesyalize pou sa. Imigrasyon pa resevwa foto enprime ankò nan men pèsonn depi apre 2019.