2 pou 15 goud oubyen 3 pou 25 goud pri sachè dlo vin ye. Sa ki leve kòlè anpil moun

Si pri gaz la ak pwodwi premye nesesite yo pa sispann vale teren, sachè dlo moun ap achte pou bwè pa epanye tou. 2 pou 15 goud oubyen 3 pou 25 goud se nan pri sa yo yon moun k ap mache nan lari ap jwenn sachè dlo achte pou l bwè.

Si anvan sa ou te bezwen 5 goud pou achte yon sachè dlo, pou kounye a ou ap oblije mete 10 goud sou li pou ou kapab achte de (2). Se sa anpil machann dlo k ap vann nan lari a fè konnen paske, daprè yo menm, sachè dlo a ki gen 60 grenn ladan l monte 30 dola, sa ki fè yo pa kapab kenbe menm pri a.

Sa ki soulve kòlè konsomatè yo

Nan nouvo pri sa a, anpil konsomatè pa wè nesesite pou kontinye achte sachè dlo ankò. Daprè yo menm, ak pri sila pou sachè dlo ap vann se senpman yon krim. Anpil nan yo fè konnen yo deside mache ak tèmòs dlo yo epi fè konnen si tout moun fè menm bagay la, pwodiktè yo pral nan nesesite pou desann pri dlo a.

Nan yon pwodwi kote chak jou pri tout pwodwi ap monte, enflasyon an ap vale teren epi dola a ap gen plis valè, popilasyon an pa konn ki sen pou l rele paske li pa konn kisa li dwe fè. Li jis rete ap konstate epi tann ki mo otorite yo pral di, ki aksyon yo pral poze.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *