« Digicel » anonse li pral monte nan pri sèvis li yo

« Digicel » anonse li pral monte nan pri sèvis li yo

Konpayi telefòn mobil « Digicel » anonse pri sèvis li yo ap monte a pati premye septanm. Li fè anons sila a nan yon kominike li mete deyò nan dat 01 dawou 2022 a.

Yon lòt fwa ankò konpayi Digicel anonse li ap ogmante pri plan li yo a pati 1 dawou 2022 a lakoz sitiyasyon ekonomik peyi d’Ayiti ki pa sispann deteryore epi konjonkti ekonomik mond lan.

Nan nòt sila a konpayi wouj ak blan an fè konnen li oblije pran desizyon sila a pou li kapab kontinye kenbe angajman li anvè kliyan yo fas ak tout pwoblèm ekonomik peyi a epi mond lan ap konnen dènye jou sa yo.

Anplis chanjman taks yo, divès alokasyon yo, tankou minit ak entènèt yo epi nouvo plan yo tout pral sibi konsekans ogmantasyon yo, selon Nòt konpayi a. Chanjman ak modifikasyon pri sa yo pral demare nan 01 Septanm 2022, ki pral reflete sou fakti an Septanm epi efektye an Oktòb 2022.

« Digicel » fè konnen li ap enfòme kliyan li yo ki konsène pa chanjman sila a  sou telefòn a pati mesaj ou oubyen kouryèl.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *