Edito|-Jovenel Moïse ant fo espwa ak manti, yon melanj ki pajanm fini.

Edito|-Jovenel Moïse ant fo espwa ak manti, yon melanj ki pajanm fini.

Depi lè mouche Jovenel Moïse pran pouvwa a nan peyi Dayiti li pa sispann fè pwomès a yon pèp ki anvi wè limyè pwogrè ak chanjman. Jodi a se pa pwomès, se devan konsèy sekirite Nasyon-Zini ke Apredye vide manti atè kote li fè konprann ke gen bagay kap mache pa bò isit.

Nan deklarasyon li, nonm bannann lan fè konnen ke genyen gang ki degize an manifestan ak jounalis pou atake Polisye ki an sèvis.

Deklarasyon sa a fè konprann ke se rezon sa a ki fè Polisye yo san pitye pou jounalis yo nan maspinen yo ak ba yo kout gaz lakrimojèn nan prèske chak manifestasyon.

Kesyon ki ta kapab poze, èske mouche Léon Charles ki se direktè jeneral Lapolis la ak DCPJ pa konnen moun sa yo ki se gang nan mitan jounalis yo? Poukisa li pa arete yo?

Prezidan Repiblik la fè konnen tou sou 100 gwoup gang genyen 64 ladan yo ke Lapolis melanje ak Lame depatcha pak an pak. Sou menm aspè sekirite a li deklare ke kantite kidnapin ki te konn ap fèt yo bese. Mesye Apredye, pèmèt ke kesyon sa yo poze. Konbyen gwo chèf gang ki arete? Konbyen zam ki sezi? Ki kote gwoup gang sa yo demantle?

Kòm dimanch pak pa lwen rive sanble Apredye gentan monte nan syèl, li pap viv sou menm tè ak nou. Nonm bannann lan nan jan li ap pale ta fè konprann ke tout bagay ap byen mache pa bò isit, se nan eleksyon li prale tandiske tout sektè di manda li fini.

Depi kèk lanne, mesye a pa sispann itilize yon mo ki se oligak kowonpi ki anpeche peyi a fè yon pa annavan e yo tout vle pran pouvwa a san yo pa pase nan eleksyon. Prezidan raple ou ke se yo ki te finabse eleksyon ou, ba ou pote gwo kontenè wololoy nan Sid peyi a apre siklòn Matthew, nan ka sa a kisa ou ye Prezidan?

Chat konnen, rat konnen, reprezantan anpil peyi pa vale kou yon vè dlo sa mouche an ap di yo. Reprezantan Peyi Lafrans lan kale je li pou li mande poukisa Jimmy Cherisier alyas Barbecue pa janm arete ak akolit li yo? N’ap tann repons lan Prezidan.

Antouka Jodi 22 fevriye 2021 an, Jojo pa dòmi deyò li ap dòmi nan syèl la kote Papa Bondye paske li pap viv Ayiti.

About Author

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *