Ayiti|-. Bandi ranplase Leta – bandi nan Leta

Ayiti|-. Bandi ranplase Leta – bandi nan Leta

Nan Peyi d’Ayiti – depi kèk lanne nou ap asiste ak tout briganday ki plonje peyi a nan yon twou fènwa – nou pa konn pwofondè li. Nou vote – sa nou rekòlte se ensekirite- grangou – lamizè- lavi chè – elatriye. N ap make pa sou plas. Jounen jodi a se bandi k ap taye banda tout kote nan peyi a. 

Depi 1987 peyi d’Ayiti libere anba men Divalye soti nan diktati – depi lè  sa a se tankou yon malediksyon ki tonbe sou tèt peyi a kote nou asiste a tout sòt kriz. Kriz politik depi dat sila se li ki pi grav rive jiska jodi a. Anpil moun ap poze tèt nou kesyon kisa ki mennen nou la a?

Genyen 3 gwoup moun nan peyi a ki toujou ap poze ipotéz – sa vle di kèk repons ak kesyon ki poze a. 

  • Premye gwoup la poze kòm ipotéz : Lèzetazini kenbe peyi a

Si n ap byen pran san nou pou nou poze pwoblèm yo pa rapò ak pozisyon Lèzetazini. Nou ta kapab di moun sa yo pa vrè zanmi Peyi a paske tout desizyon ke dirijan ap pran nan tèt Leta a dwe reponn ak objektif yo, sinon li p ap bon – nou ka pran kòm egzanp remobilizasyon Fòs Lame peyi a – li pa vle li fèt alòske peyi pa yo gen gwo sòlda k ap veye yo maten midi ak aswè. Li toujou foure bouch li tout longè nan sa ki ap pase nan lavi politik peyi a. Men eske li reskonsab tout sa k ap pase ki mal? Ann wè lòt ipotèz toujou.

  • Dezyèm gwoup la di : Se politisyen yo ki kraze peyi a

Se youn nan pawòl ke Ayisyen di anpil pandan dènye lanne sa yo. Yon peyi dwe dirije pa moun ki genyen tèt, moun ki gen pwojè ak karaktè. Men se pa toujou konsa sa pase, nenpòt moun ki parèt ak bèl pawòl san okenn pwojè – li vin chèf san okenn kontrent. Yo nan palman, nan primati – majistra – kazèk – azèk – elatriye. Nan palman si n ap konstate – se toujou bras lajan – gwo kout pwen -joure olye deba. Peyi a sonbre.

  • Ayisyen reskonsab nan degraba peyi a : se ipotèz yon twazyèm gwoup moun lan

Gwoup sa a kòm koz mete : vote dirijan kowonpi, vòt pou mil goud – sitirans. Nan Peyi serye vòt dwe fèt selon pwojè kandida a pote – selon moun li ye. Nan peyi d’Ayiti – li sifi sèlman pou kandida a genyen kòb pou li bay moun k ap vote li yo epi li pase – li al souse leta. Selon la règ – lè yon dirijan pa fè travay li – li ta sipoze demisyone e chita yon kote pou li pa janm tounen nan tèt leta – men nan peyi d’Ayiti yo souvan benefisye yon dezyèm manda

Ki konsekans? bandi ranplase Leta-  bandi nan Leta

Twa (3) ipotèz twa gwoup moun sa yo genyen gwo konsekans sou peyi a. Dènye jou sa Ayiti ap konnen tray anba zak « Kidnapping » – zak sasinay – vyòl sou fanm ak tifi – vòlè – elatriye. Leta chita ponyèt kwaze devan degengolay sila a.

Nan Kwadèboukè – antre Sid Kapital Pòtoprens ak lòt kote nan peyi a – se bandi ki fè lalwa. Bandi fè Kidnape moun – ransonnen pèp la. Nan kèk zòn yo rele yo ajan devlopman paske y ap distribiye manje bay moun ki pi pòv nan zòn yo –  peye lekòl pou timoun – bouche twou ki nan wout bò lakay yo. Genyen ki rive menm bati lopital avèk kòb sal yo fè sou moun.

Nan komin Kwadèboukè, bandi yo se yo ki majistra – se yo ki jij – se yo ki minis edikasyon paske se yo ki detèmine lè lekòl ap ouvè ak femen. Se yo ki di kiyès ki dwe vann nan mache – kiyès ki pa dwe vann.

Bandi nan Leta, bandi pran Leta

Leta peyi d’Ayiti depi anviwon 10 lanne, se moun tout plim tout plimay k ap dirije. Gen sa ki rele tèt yo bandi legal – gen lòt tou ki pa pale men non yo site nan plizyè zak malonèt tankou dwòg – masak – kidnape moun – koripsyon – vòlè.

Menm non moun k ap dirije kounya yo site nan zak sasinay ki fèt sou Prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 6 – 7 jiyèt 2021 an. Lajistis ap gade tout moun nan je – pèp la kè kal ap sibi presyon tout kalte anba men tout malfwendeng yo.

Ki kote sa ap rive?  Kiyès ki ap di yon mo? Antouka solisyon yo la – men kiyès k ap pran reskonsabilite pou nou delivre anba men gwo malfini ki ap mete grif sou tèt nou pou al manje nou?

About Author

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *