Ayiti-Konstwiksyon ak miltiplikasyon ponp gaz nenpòt kote, yon gwo danje

Ayiti-Konstwiksyon ak miltiplikasyon ponp gaz nenpòt kote, yon gwo danje

Pandan 10 dènye lanne sa yo – nan peyi d’Ayiti ponp gaz yo pouse tankou djondjon, keseswa gazolin/ dyezèl ak pwopàn –  konsta yo bay gwo kè sote pa rapò ak kote ponp sa yo konstwi.

Ensekirite a vini sou tout fòm nan peyi d’Ayiti –  ensekirite wout – ensekirite manje – ensekirite pou kò. Konstwiksyon ponp gaz nenpòt kote nan peyi d’Ayiti vin ajoute sou lis koz ki kapab fè moun pèdi lavi yo apa aksidan ak bandi ki ap tire moun.

Pwoblèm gaz ke peyi a ap konnen chak jou ak anpil moun ki anba ponp yo ki anpil fwa nan mitan pil kay oubyen moun ki ap chèche pwopàn e pase nenpòt kote ak tank yo reprezante gwo danje pou lavi anpil Ayisyen.

Ki reskonsabilite Leta?

Nan Leta a – tout bagay fonksyone a lanvè. Otorizasyon bay souvan l sou baz akwentans politik – pou fè ti zanmi plezi pandan lavi moun pa respekte. Ministè Lanviwonnman – se youn nan antite nan leta a ki plase pou bay dwa pou plase ponp yo ki dwe respekte tout nòm, men dapre konsta yo – anyen pa respekte.

Lameri se lòt antite ki pou bay dwa konstwiksyon kay ou nenpòt lòt imèb ki sou teritwa ke li reskonsab yo. Majistra yo souvan enpisan fas ak gwo tonton chèf ki wo plase nan Leta a – ki ap bay presyoj pou yo fè sa yo vle san sousye de pèsonn.

Alòske ponp ap pouse tankou djondjon, jwenn yoj ti gout gaz pou mete nan machin vin pi difisil jodi a pa rapò ak zak ensekirite ki pa sispann brase bil peyi an depi kèk tan.

Si pa gen dispozisyon ki pran pou frennen deriv sila a, anpil moun genyen pou viktim lakoz ke Leta fèb pandan anpil moun ap anrichi sou do l.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *