Depi Kèk lanne nan Peyi d’Ayiti – batay politik la se gwo kouto k ap tire youn sou lòt – rache manyòk ou bay tè a. Lè se pa pou retire Prezidan sou pouvwa, se pou voye premye minis ale ki pa twò bay rezilta. Men eskè vrèman se an favè pèp?
Padan 10 dénye lanne yo, genyen de peryòd ki kapab fè nou konprann misyon Opozisyon nan peyi d’Ayiti.
- Peryòd sou Prezidan Jocelerme Privert
Sou prezidans Michel Joseph Martelly a te genyen anpil tibilans politik, manifestasyon pasi pala paske mouche a t ap fè lajès nan lajan Leta. Opozisyon an te pote plent e mande pou mare Chantè Sweet Micky a kou krab pou dwèt long siperyè. Pami opozan yo te genyen avoka André Michel ak konfrè li mèt Newton Saint-Juste, te genyen tou Moïse Jean Charles ki t ap goumen rèd rèd e ki te menm fè Mouche a prezante paspò li pou montre l pa gen doub nasyonalite.
Apre tout twoub sa yo eleksyon pa t rive fèt pou te genyen yon lòt Prezidan – ansyen Senatè Jocelerme ki te prezidan asanble nasyonal la a lepòk pran pouvwa a pou mennen bak peyi a. Mouche Privert se pitit lavalas, donk Opozisyon an te nan bòl grès li. Okenn manifestasyon, se kòmsi tout bagay tap mache byen – yo koupe – yo rache. Eleksyon vin fè Jovenel Moïse pran pouvwa a, nonm bannann lan chavire peyi a tèt anba, kraze tout enstitisyon, Opozisyon an tounen nan lari pou mande mouche a bay chodyè a, retire pwa a.
- Peryòd apre Lanmò Jovenel Moïse
Depi lè yo fin asasinen Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren 5, se gwo lit pou pran pouvwa. Claude Joseph te premye minis a.i alòske Doktè Ariel Henry te deja deziyen pa ansyen patwon Agritrans lan. Newochirijyen an pat pran tan pou li te fè konpè Claude tchoula kò li epi ba li plas la.
Opozisyon an ki te deja deziyen Mét Mécène kòm prezidan pwovizwa bliyel tankou mò ki gen 30 lanne nan simityè pòtoprens – epi li mare sosis li ak Ariel Henry nan yon akò pou soti peyi an nan twou. Nou p ap bliye tou ke se menm moun sa yo ki te di ke apre Jovenel pép la ap alèz tankou blèz. Kidnapin ap kontinye, lavi chè, elatriye epi pa gen okenn mouvman pou di NON pèp la bouke. Se zafè tòl kap pale, lèt bongou. Pèp la nan erè.
Brèf rale a sa a fè nou konprann ke Politisyen osit ke li nan pouvwa oubyen Opozisyon an itilize non Pèp pou monte chodyè a, men li toujou desann sou non pa yo. Jiskilè Pèp va wè klè? Jikilè PÈP va nan pouvwa tou?
Tankou pè Toma n ap swiv!