« Ayiti pa dwe tounen simityè » deklarasyon sitwayèn angaje Justa Gabriel ki endiye devan zak sasinay sou Evelyne Sincère.

« Ayiti pa dwe tounen simityè » deklarasyon sitwayèn angaje Justa Gabriel ki endiye devan zak sasinay sou Evelyne Sincère.

Nan yon nòt sitwayèn angaje Justa Gabriel mete deyò nan maten madi 3 novanm 2020 an, li kondane zak asasinay ki fèt sou elèv lise a Evelyne Sincère li pwofite denonse ensekirite ki pa sispann kreye lapèrèz nan mitan popilasyon an. Nan menm nòt saa, ansyen kandida pou pòs Depite pou Komin Lavale Jakmèl la mande Ayisyen yo pou yo mobilize paske « Ayiti paka tounen simityè ».

Li tèks la ki pibliye san modifikasyon.

AYITI PA DWE TOUNEN SIMITYÈ

Transfòme an tè kriminèl, kote zak malonèt pa sispann taye banda anba swa dizan je dirijan pandan dènye moman sa yo, se rezon sa ki motive nou pou mande ak tout Ayisyen pou chache konpreyansyon nan lit Ansyen liberatè yo ( Desalin, Petyon , Kapwa Lamò…) nan objektif pou reyalize denyè kongrè pou pèmèt nou sòti nan mond :fewòs, besyal, baba epi rantre nan mond sivilize a.

Konpatriyòt mwen yo, jodi a nou ap peye konpòtman pasif, zonbifikasyon nou anba konplo yon ti gwoup sanginè, sankoutya ki deside sou lavi nou jan yo vle. Kilè nap deside makònen tèt nou ansanm pou kwape zak malònèt sa yo? Nou sanble moun je pete klere, san konprann , malè konfrèw se pleziw poutan kèk èd tan aprè, van lanmò rive bò kote w.
Nan yon peyi kote enpinite , banditis, enjistis se wa, pèsonn moun pa bezwen kwè nan pawòl tèt anba swa dizan dirijan yo ,ki sèlman ap leve vwa yo pou kondane ak pataje senpati yo ,denonse sa ki fè nou pa ka tabli diferans ant Leta e senp sitwayen.

Nou , Gason ak Fanm vanyan tè Dayiti, nou endinye douvan sitiyasyon kriminèl ki vle pote ale Ayisyen nan tout kouch sosyal tankou Batonye ,Elèv,Doktè,Etidyan, bizismann elatriye…Nou kwè nou gen twòp egzanp pou nou kontinye ap viv ansanm ak tout zak malònèt sa yo paske AYITI pa dwe tounen yon simityè ak yon tè kriminèl.

Nan sans sa a, nou dwe batay pou peyi a rive genyen yon Leta responsab ki chita sou jistis sosyal , libète ak respè dwa moun pou koupe fache ak Leta iresponsab sila a ki makònen ak devyan nan sosyete a pou panike, pèsekite sitwayen yo.

Dayè, tout analiz montre Ayiti se yon peyi kote Enjistis, vyolans sou tout fòm ,enpinite , koripsyon ap triyonfe. Tout baggay sa yo se karakteristik yon Leta kap batay jodi a pou fè: refòm konstitisyon, pandan bandi san fwa ni lwa pa sispann taye banda anba je yo.

Nou ,sitwayen ak sitwayèn angaje lanse yon apèl ak tout Ayisyen pou bay yon repons pwopòsyonèl pou montre dezakò nou ak vye pratik sanginè, destriktè, malonèt ki egziste anndan peyi a kap mete dlo nan je nou chak jou bondye mete.
Ansanm nou kapab sove Ayiti si nou mete konpòtman zonbifikasyon a sou kote pou nou reprann dwa granmoun tet nou !!!

NOU VLE JISTIS ! NOU MANDE SEKIRITE !
AYITI PAP TOUNEN SIMITYÈ !

Justa GABRIEL ,Sitwayèn Angaje.

About Author

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *