De animatè vedèt a chofè trelè nan Etazini, Laplanta chofe entènèt la

De animatè vedèt a chofè trelè nan Etazini, Laplanta chofe entènèt la

Fesbouk Hervé Laplante

Depi kèk jou entènèt la chofe avèk yon foto Hervé Laplante nan mitan kèk trelè nan peyi Etazini. Gen anpil moun kap pase animatè a nan betiz kòm kwa li paka jwenn radyo ankò poul travay, sa k ap di l se pòv li oblije al aprann mennen trelè poul kontinye viv nan peyi Etazini.

Nan yon dirèk Fesbouk, enterese a an pèsonn pran lapawòl apre l te fin mete yon videyo kote lap gare yon trelè kèk jou oparavan. Laplanta fè konnen, li bezwen bon lajan pou li viv nan peyi etazini aprel te fin kite Ayiti kote l te deside tounen al viv kèk ane oparavan. Li ajoute pou l di kòb li te kòmanse fini Ayiti, li oblije tounen vin chèche fè kòb nan peyi Meriken poul pran swen pitit li.

Hervé Laplante tou profite dirèk fesbouk sa a poul lanse mouvman « ODA= Operasyon Dekonplekse Ayisyen » . Pandan anpil ayisyen panse se travay sou biwo sèlman ki kapab fè yo rich, ansyen animatè Planèt kreyòl la vle demontre nou ke se pa sa e pwofite ankouraje ayisyen kite konplèks la pou aprann metye manyèl tankou : plonbri, elektrisite, elatriye. Pandan anpil moun ap palel mal , animatè a sansasyon an di , li p ap gade dèyè ni dekouraje.

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *