« Fanm deyò pwoteje anpil maryaj. Fòk nou apresye yo pou sa » se sa Granpa di

« Fanm deyò pwoteje anpil maryaj. Fòk nou apresye yo pou sa » se sa Granpa di

Aktè ganeyen an Michael Aayare, tout moun konnen sou non Granpa deklare se gras ak fanm deyò yo pifò maryaj pa kraze.

Envite nan yon emisyon, aktè ganeyen an tout moun konnen sou non Granpa pa pè met dlo nan bouch li pou li fè konnen li nesesè pou apresye fanm deyò yo paske yo gen enpòtans yo anndan maryaj yo.

 » Anpil ka nou jwenn gason marye yo pa marye avèk yo men yo enpòtan paske yo ede maryaj oubyen relasyon yo dire plis. Madan marye yo pa menm konn sa.  » deklare aktè a.

 » Se paske madan marye yo sispann fè yon ansanm bagay ak mari yo aprè yo fin marye a, se rezon sa ki lakoz anpil gason chèche gen yon fanm deyò.  » li kontinye pou l di.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *