Yon jèn fi 23 lane marye ak papa mennaj li ki genyen 89 lane apre mennaj la te fin twonpe li ak plizyè lòt fi. Li fè konnen li fè sa se pou li tire revanj pou sa anmòrèz li a fè l.
Jenn fi a di mennaj li a te menm twonpe l ak kèk nan zanmi l e yo se li menm ki sibi sa yo paske yo trete li de bouzen, men pou anpil nan yo msye pa janm fè anyen.
« Mwen marye ak papa èks mwen, yo trete m de bouzen, men èks mennen mwen an ki twonpe m ak plizyè fanm pami yo zanmi m, yo pa janm trete l bouzen » deklarasyon jenn fi a.
