Plis yon moun ap rantre nan laj, kidonk vin pi granmoun, se plis l ap rayi moun ki bò kote l. Se sa rechèch yo montre nan yon etid ki fèt sou sijè a. Anpil esplikasyon kapab eksplike sa.
Nou bay tout sa ki enpòtan pou nou priyorite. Pandan nou te timoun, nou te gen enpresyon lemond se pou nou. Nou gen tout lavi nou devan nou pou n kapab viv rèv nou yo. Tandiske, pandan n ap granmoun n ap vin konprann tou lavi a presye. Nou dwe pwofite chak segond ladann nan tout sa ki enpòtan pou nou. Sòti ak zanmi, ale nan fèt, jwe, bagay sa yo vin pa entèrese nou ankò. Nou vin rann nou kont tan an pa vin rete ak nou. N ap degaje nou konsakre li ak manm fanmi an.
Nou sispann rete bò kote moun nou panse ki ipokrit paske ipokrizi pa yon defo moun k ap rantre nan laj. Moun ki granmoun tout bon an konnen lè li ap pale li dwe bay verite a jan l ye a. Lè nou fenk rankontre yon moun nou pa apresye, nou pap kache l sa. An menm tan, n ap atire pa moun ki sensè nan jès yo, nan pawòl ak aksyon yo.
Tan ak eksperyans ap fè nou konnen tèt nou menm jan ak lòt moun. Se sa k ap fè n ap respekte lavi. Sajès ap fè nou konnen nou dwe pase akote pwoblèm yo, pa okipe pwoblèm lòt moun tou. Anplis n ap mete nan tèt nou, paske nou granmoun nan, èd nou kapab bay yon moun p ap sifi epi li p ap pote twòp rezilta.
Nou ap diminye kantite zanmi nou konn frekante. Lè n ap rantre nan laj, ide pou nou gen nouvo zanmi vin pa gen enterè pou nou. Nou plis pral chèche kalite olye de kantite nan amitye. Nou pral eseye gen bon relasyon ak moun, san pwofi ni okenn enterè.
Paske sèl sa k ap gen enterè pou nou se ti tan nou rete pou nou viv la. Kijan nou dwe fè pou nou viv li byen.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com