« Ti Magali » se non sa a yon blende Lapolis pote. Se yon « cha » jan moun yo di l la ki pa nan jwèt ak vakabon, ak bandi, an mankan akasan li mete siwo. Anpil moun ap poze tèt yo kesyon, poukisa se non saa blende a pote.
Gen plizyè moun ki di se paske blende a genyen yon fanm polisyè anndan li ki rele Magali ki fè blende a pote non sila a. Gen lòt ki kwè tou se yon non yo ba li konsa konsa.
Dapre kèk polisye nou te kesyone, yo reponn konsa : « Magali se yon fanm ki renmen zen, tout kote ki genyen zen li la e l pa fasil pèdi nan zen yo. Se rezon sila ki fè se « Ti Magali » cha a rele, l nan tout rakwen »
Dènye jou sa yo se « Ti Magali » k ap fè koze nan vide plizyè bandi atè nan Kwadeboukè. Dènye bandi ki tonbe anba bal polisye ki nan blende sila a se « Kòlèg », youn nan gwo chèf gwoup bandi « 400 marozo ».
Anpil moun renmen ti Magali, entènot yo pa bouke voye flè pou cha sila a yo di ki ap fè bon travay. Yo egzije Leta Ayisyen mete plis « Ti Magali » toujou pou ensekirite a kapab kaba.
Eske fanm ki pote non « Magalie » yo renmen zen vre?
