Lè yon fi ak yon gason ap fè bagay (sèks) sa kapab rive yo pa ka dekole. Sa ki vle di koulout (peni) lan rete anndan bòbòt la. Fenomèn sa a pa gen anyen pou li wè ak maji, ni malediksyon, ni madichon. Lasyans rekonèt li e ba li non » Penis Captivus « . Lè sa rive fèt kisa ki lakoz ?
Premye bagay pou nou konnen, se bòbòt la (ògàn seksyèl fi a) ki resevwa koulout (peni) la (ògàn seksyèl gason an). Lè de moun sa yo rete kole pandan yo ap fè bagay, se misk perine a ki twouve li ozalantou bòbòt la ki vin kontrakte san sa pa depann de volonte fi a. Li se yon reflèks. Li pa ka kontwole l. Sa lakoz tou li pa ka relache misk la. Nan ka sa li pa gen anyen l ap kapab fè pou koulout la dekole. Solisyon an se sèl gason an ki genyen l.
Sa poko rive pandan ou ap fè bagay ak patnè ou, nou ret kole? Ou ta anvi konnen kisa pou fè si malè sa ta rive ou?
L ap di anpil pou ou wi zanmi m si sa rive ou epi w pa konnen kisa ou dwe fè. Lè sa tout katye a pral griyen dan sou ou.
Li atik k ap vini an si ou ta anvi konnen kisa ou dwe fè.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com