Sosyete|-. Yon relasyon ki chita sou verite sèlman pa posib daprè plizyè etid

Sosyete|-. Yon relasyon ki chita sou verite sèlman pa posib daprè plizyè etid

Nan yon relasyon, patnè yo gen tandans pou yo kominike. Sa ki nòmal paske youn ap chèche konnen lòt pi byen. Men sa nou dwe konnen, chak moun sa yo gen yon fason yo vle vann tèt yo. Sa ki vle di yo pa oblije fin sensè nèt oubyen ankò se pa tout verite ki pale nan yon relasyon.

Eske l posib pou yon relasyon egziste san pa gen manti ladan l ?

Manti kraze anpil relasyon ki t ap mache byen jiskaske yon verite dedwane. Pa bliye pwovèb ki di  » Tou manti pa fon « .

Daprè yon sikològ sosyal ki rele Claudine Biland epi ki ekri liv ki gen pou tit  » Psychologie du menteur « , nou bay manti de (2) fwa pa jou an mwayèn. Manti se yon kritè sosyabilite. Se tankou lè ou ap bay moun lanmen.

Sa ki vle di bay manti se yon eleman esansyèl nan lavi an gwoup, an sosyete. Yon apwòch sikyat Boris Cyrulnik pataje. Pou li menm, a anplis li se yon obligasyon sosyal, bay manti a se yon fòm anpati e li kapab menm yon ekspresyon rezilyans (lè ou pran ak de yon evènman ki difisil pou ou rekonstwi ak depase). Daprè li, bay manti pèmèt ou rann reyalite a plis akseptab.

Tout manti se manti men tout manti pa menm

Daprè done yon espesyalis, Claudine Biland, gen plizyè tip manti epi fi kou gason pa itilize yo menm jan. Selon li menm, 75% manti gason bay  » egoyis  » kont 25% ladan yo ki fèt pou yon bòn koz. Lakay fanm yo menm, 50% manti yo bay se pou fè moun byen. Se rezon ki fè manti gason bay gen mwens chans pou yo aksepte l.

Publicité

Si anpil relasyon ap kraze chak jou akoz manti ki gen ladan yo, sa pa anpeche anpil lòt ap fèt ak manti. Ke li bon oubyen li pa bon, bay manti rete yon obligasyon sosyal. Li pèmèt nou mistifye reyalite a. Li pèmèt nou tou modle li fason k ap fè nou pi byen.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Crédit Photo : Femme d’Afrique Magazine

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *