Ki moun ki bezwen Ariel Henry!

Listwa politik peyi Dayiti montre n, gouvènman monte gouvènman ale pou yon lòt enstale se  » nad marinad « . Anyen pa janm chanje. Se toujou menm plan makyavelik kont nasyon Papa Desalin nan k ap egzekite. Jounen jodi a nou rive gen Ariel Henry kòm premye minis defakto. An verite, li sanble gen plis pouvwa pase yon wa. Men tout pouvwa sa a se a ki fen ? Ki moun li pwofite ? Kisa PM nan deside fè menm ak peyi sa a ? Se ansanm kesyon sa yo tout moun ap poze pandan nou tout konnen si se chanjman n ap chèche tout bon vre, nou pa bezwen konte sou PM Ariel Henry.

Kiyès ki te konte sou PM nan pou vin amelyore kondisyon lavi popilasyon an k ap vin malouk chak jou pi plis ? Ki moun tou ki te espere yon chanjman reyèl nan tout estrikti administrasyon piblik la avèk li ? Pa bliye li se dènye chwa politik prezidan Jovenel Moïse anvan li te rive asasine. Yon zak sasinay dayè non li site byen fon ladan l. Nou panse li pral pèmèt  » Nèg bannann nan  » jwenn jistis li ? Pou fason Dosye a ap kanni nan tiwa, ap trennen, newochirijyen an pa montre moun sa entèrese l vrèman. Sa ki vle di « nèg bannann nan » bannann tout bon.

Depi lè Ariel Henry monmen nan tèt Primati a, tout moun ki gen tèt yo byen plase sou zepòl yo, te gentan kwè li pa t ap vin regle anyen nan enterè larepiblik. Akò siyen ansanm avèk lidè nan opozisyon pliryè l la. Akò ki mennen dezakò, kout mal taye, elatriye. PM nan jis rete kè kal. Li la men se kòmsi li pa la. Anyen pa regade l paske l ap vanse, l ap « travay », li pa gen tan pou l okipe lòt koze moun ki vle nan gato a. Si genyen ki jwenn, militan yo pa jwenn anyen. Plenyen pa plenyen, yo pa bezwen konte sou li.

PM nan te fè tout moun konnen li prè pou l chita pale avèk tout sektè nan peyi a. Pandansetan, li pa janm met okenn estrikti anplas pou li mache kontre yo oubyen pou yo mache kontre l. Si li ta di li fè sa, an reyalite, se pawòl tafya, se foulay. Li pa bezwen pyès moun vin di l kisa l dwe fè. Plan li tou etabli paske se yon tach li vin akonpli. Li pa bezwen moun e ta sanble li t ap pi bon pou li toujou si okenn moun pa bezwen l.

Kominote entènasyonal la a yon moman t ap mande pou eleksyon fèt nan peyi a. Mo sa sanble pa fè pati vokabilè PM nan paske jiska kounye a li pa met okenn estrikti anplas pou ta menm antame posesis elektoral la. Nan yon peyi kote anpil lidè politik ap tann eleksyon pou vin afiche yo yon fason pou pran pouvwa a, Ariel Henry pa montre yo li gen volonte pou sa fèt. Sa ki vle di tout moun ki patizan eleksyon, tout moun ki kwè se eleksyon ki pral retire peyi a nan sa li ye la a tou, pa bezwen konte sou newochirijyen an ki ta sanble pa gen pwojè sa nan tèt li. L ap bouske pèsòn pa konn kote li prale ni kilè l ap rive.

Sa ki enpòtan nou dwe konnen si nan lavi chè sa a ou pa kapab bay pitit ou manje, ou pa bezwen konte sou Ariel Henry. Si lekòl pitit ou paka peye, oubyen tou lekòl pa janm louvri, ou pa bezwen konte lap vin ede ou paske lap travay li pa gen tan pou moun ki nan bezwen. Li pa gen tan pou popilasyon k ap soufri.

Si tout jan sa ye, popilasyon an pa bezwen espere twòp bagay de PM nan, lidè nan opozisyon an pa bezwen met nan tèt yo li pral remèt demisyon l, ti ouvriye pa bezwen espere salè yo pral ogmante malgre pri gaz double, nan ka sa, kilès ki konte sou li ? Ki moun ki bezwen Ariel Henry ?

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *