Lajan ak pouvwa fann SDP tankou gato nan kominyon

Nan peyi d’Ayiti nou gen yon fraz nan drapo nou ki di « Linyon fè la fòs » sa vle di depi nou mete tèt nou ansanm, nap gen fòs poun genyen nenpòt batay li ye a.

Nan anpil ka, Ayisyen pratike sa sèlman pou detwi oubyn fè sak pa bon. Nan politik la nou ka pran kòm egzanp lanne 2004 , kijan yon pakèt sektè te mete ansanm pou fè gwoup 84 pou rive brize pouvwa a nan men ansyen prezidan Aristide voyel ale. Kisa yo te ofri pèp apre kokenn chenn batay ak pil pwomès sa yo , pa menm yon santim lesko. Apresa pèp kontinye viv pimal ke sal tap konnen avan sa.

Pipre nou la a sou pouvwa prezidan Jovenel Moïse la, anpil gwo politisyen rat do kale mete tèt yo ansam pou kwape tèt kale yo di ki se yon mal pou peyi a, yon mal ki mennen enskirite ak lamizè, ebyen yo fòme Sektè Demokratik ak Popilè pou met tèt yo ansanm pou jete Jovenel.

Kisa SDP devni apre anviwon sis lane ?

Kesyon sa a bon pou anpil nan ansyen manm sektè sa a ki tap konbat Jovenel la ta reponn. Nou sonje nan yon entèvyou sou yon radyo nan kapital la kijan ansyen senatè ak minis Deras Simon Dieuseul ansyen manm sektè a tap esplike kijan sektè sila a te resevwa yon gwo lajan nan men Raynold Deeb poul kapab mete fen nan mouvman « Peyi lòk » la en 2019. Menm sektè sa a ta pral pouse do ansyen senatè Kelly C. Bastien metel dèyè baryè paskel te swadizan pale ak PHTK, yo di se pa yo ki te bal manda, pandan konsène a di se travay menn sektè sa a te voyel fè.

Pou yon rezon ou yon lòt ,sektè sa a kontinye dechire miyèt mòso anpil gwo babin lage pye yo kitel nan men Andre Michel, Nenel Cassy , Ricard Pierre ak Marjorie Michel san konte defen Antony Barbier ki li menm te fè vwèl pou peyi san chapo.

Apre lanmò Jovenel, sak te rete kòm sektè a makonnen tèt li ak PHTK mete ak Ariel Henry pou kontinye souse yon peyi ki vin dis fwa pi mal. Sil te nan nivo ti kòche sou Jovenel, jodia li nan nivo maleng santi. SDP nan pouvwa yap souse. Avoka pèp la ki te di PHTK se chabon, li pa nan dyalòg, kounya li se sèl chèf dyalòg ki bezwen pale ak tout moun. Selon plizyè sous , yo pa vle bay Nenel BMPAD li fristre, li voye pye, li pran lari kite akò. Kòmè Majori , Mouche Andre ak Ricard rete danbang yo di yo pap fè yon pa kita , yon pa Nago y ap pouswiv akò, y ap kontinye jwi leta a. Kounye a kisa sektè a pral devni ?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *