Lekòl gratis fonn kou bè nan solèy, kote dola senkant ($1.50) dyaspora a pase?

Depi kèk lanne, moun k ap viv lòt bò dlo anba yo gwo fado gouvènman Tèt Kale bobis Michel Joseph Martelly a te enpoze yo. Sou chak lajan y ap voye nan peyi d’Ayiti fòk yo peye yon dola senkant ($1.50) kòm taks. Kòb sila a dapre sa yo te di te dwe ale nan levasyon pou timoun yo. Selon sa nou konstate, tout moun bèbè sou koze lajan sila a. Ki kote lajan dyaspora a pase menm?

Nan lekonomi peyi d’Ayiti moun ki ap viv lòt bò dlo yo, sa yo rele dyaspora se yon gwo poto mitan. Anpil fanmi viv a pati lajan transfè ki ap vini toutan pou peye kay, lekòl, achte manje, elatriye. Depi lè moun Tèt san cheve yo pran pouvwa a nan lanne 2011, yo fè mezon transfè yo touche yon dola senkant sou chak lajan y ap voye nan peyi a.

Nan lane 2018, nan yon dokiman ki soti nan Bank Santral ki te nan men Senatè Lwès la Patrice Dumont, te deja genyen 107 milyon dola ameriken ki te deja kolekte sou lajan transfè yo soti lanne 2011 pou rive 2018, men sou kont ki resevwa lajan sa a, te rete sèlman 700 mil dola.

Lajan sila a se sou transfè an sèlman, li pa pran an kont zewo dola senkant ($ 0.50) ki kolekte sou apél entènasyonal yo.

Jouk jounen jodi a pa gen okenn kont ki rann, pa gen okenn rapò ki bay pou ta di konbyen lajan ki ranmase, konbyen ki rete e kisa yo fè ak sa ki depanse a. Selman se tande nou tande lajan ap boule, dyaspora nan fredi ap redi di, manje manje chofe pou anrichi yon pakèt dechèpiyè.

Lekòl gratis fonn kou bè, ledikasyon an mal makak

Ledikasyon se baz yon sosyete malgre genyen lòt bagay ki pou akonpaye l. Nan peyi d’Ayiti ta sanble se zam ak bal ki baz la. Alòske dola senkant lan te dwe ale nan ledikasyon, konsta yo toujou montre anpil timoun ki nan lari a ki paka ale lekòl.

Pandan senk (5) dènye lane yo, mizapa kèk lekòl Nasyonal ki konstwi pa genyen anpil lise ki flanban nèf, sektè non piblik la toujou a 80% lekòl yo tandiske leta toujou genyen 20%. 

Program Eskolarizasyon inivèsél Gratis la (PSUGO), ki te chaje eskandal kote anpil moun te genyen lekòl nan chapo ak nan tèt yo, yo fonn kou bè nan solèy. Jiska prezan, pa genyen okenn ankèt ki louvri pou konnen ki kantite lajan ki gaspiye nan pwogram sila a ak ki kantite moun ki vòlè lajan ladan l.

An atandan dola senkant lan ak kòb sou apèl entènasyonal yo  kontinye ap monte sou kont, Kisa l fè?

©L’Alternative Responsable

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *