Si vrèman vre lafen, la mizè ak ensekirite pa sispann manje pitit Ayiti, ayè lendi 22 dawout la anpil kretyen vivan te pran lari pou denonse sa epi mande mouche Ariel Henry bay talon li. Se pandan sa tou nou asiste ak yon mesaj ireskonsab, san vègòy ke Moïse Jean Charles, youn nan swadizan pi gwo lidè yo voye bay popilasyon an.
Mouche Moïse san manmote, san vire lang li 7 fwa nan bouch li mande a pèp la pou boule bank yo si dola a pa desann. Eske moun pa ta dwe di Moïse Jean Charles twò bèt poul lidè, anpil nan sa yo ki yo se lidè ak desizyon tèt chat sa yo ki mete Ayiti kote li ye jodia. Si goud la ap pèdi valè jodia , se pa sèl bank yo ki lakoz, youn nan reyalite ansyen senatè a bliye.
Ki vrè rezon ki dèyè sakap pase ak goud la ?
- Pwodiksyon ,espòtasyon : Lè tout sa yon peyi ap pwodui se nan peyi etranje pou li achte yo, chak jou l oblije twouve l nan sitiyasyon pou li achte lajan peyi l ap achte nan menl lan, oubyen yon lajan entèmedyè. Lèw pa pwodwi anyen pou w vann pou w kapab gen lajan etranje, ki kòman pou ta fè kòb, paw la pa pèdi valè?
- Kriz politik ak sosyal : Lè nan yon peyi, gen tout zam sa yo, katouch sayo kap sikile ladanl pandan nou pa pwodwi materyel sayo, se an dola pou yo achte yo a letranje, sa gen yon gwo enpak ankò sou ekonomi an. Lè yo fin tire tout bal yo, fòk yo bezwen dola ankò pou yo achte , chak fwa sa rive , dola a ap vin pi ra chak jou, tout pwodwi ki ra, pril oblije moute.
- Presyon kap fèt sou dola a : Nou nan yon mond kote gen anpil moun ki bezwen dola a pou fè tranzaksyon, tout moun ap chèche dola pou yo fè transaksyon. Lèw pa gen anyen pouw espòte pouw kapab resevwa dola a, ou oblije achte sèlman kòm tout moun dèyè dola a, lèsa ou oblije achtel pi chè chak jou. Lè nan yon peyi, ensekirite fè mèm mache kraze, peyizan yo paka voye mèm pwodwi lokal yo vin vann Pòtoprens , tout moun oblije depann de Sendomeng, tout sa se dola a kap pran frap.
Kisa yon kriz bankè ye ?
Si nou gen kriz sosyal, kriz alimantè peyi a poko janm efondre, yon kriz bankè se dènye bagay pou nou ta anvizaje nan peyi sa a. Si tout bank ta pèmèt fè yon semèn fèmen moun paka jwenn kòb yo pou fè tranzaksyon, lajan p ap sikile; se lè sa a nou tap konn sak rele pwoblèm. Sa te kreye yon gwo pwoblèm nan mond lan lè Etazini te konn youn nan pi gwo kriz bankè nan mond lan nan lanne 1929. Yon kriz bankè se youn nan bagay ki kapab kreye pi gwo eklatman sosyal nan peyi a.
Ki kote Moïse Jean Charles vle rive ?
Ayiti se yon peyi kote lamizè rann tout pèp la emosyonel. Nan yon moman kote moun paka manje, pri tout bagay moute , ensekirite ap vale teren, panse ke li entèlijan, Moise Jean Charles tante atire senpati pèp la pandan li espoze tout sistèm peyi a.
Yon lidè ki pridan , ki vizyonè pa mande pou detwi, li mande chanjman, li mande nouvote. Si nou fin boule tout sa ki te konstwi deja, ak kisa nap kontinye fonksyone? Menmsi nou ta di n ap rekonstwi, èske rekòmanse a zewo a pap koute n pi chè ?
Li lè pou nou aprann edike pèp souvren an poun aprann li gen yon lòt mantalite , nou gen anpil ane nap pousel a detwi e chak sa nou detwi se bak nou fè. Modèl Moïse Jean Charles pa bon pou nou swiv.
