Ki danje ki genyen nan peze kou lè w ap fè bagay ?

Anpil moun, anpil nasyon renmen fè bagay pou y ap peze kou. Genyen fi depi w pa peze kou l li pap santi l alèz e gen fi tou ki renmen peze kou mari yo pandan y ap pran plezi a paske pou yo sa fè yo genyen plis eksitasyon. Kisa li ye? Kote pratik sa a soti? Ki danje ki genyen ladan l?

Kisa « Peze Kou a » ye?

Nan lang franse syantifik yo rele pratik peze kou a « Asphyxiophilie » oubyen  » Asphyxie érotique ». Se yon jwèt seksyèl kote fi an oubyen gason prive sèvo patnè li a oksijèn pou li kapab jwi plis pandan moman plezi a. Men pratik sa a se gason yo ki plis fè l. « Jwèt ak mouchwa » se youn nan varyete pratik sila a. Nan lang angle li pote non  » Choking ».

« Peze kou » pandan patnè yo ap fè bagay bay yon enpresyon sansayon tèt vire kote patnè a ap mache kòt a kòt ak lanmò. Patnè yo konnen y ap pran yon risk men sa ogmante sansasyon yo.

Istwa pratik « Peze Kou a »

Pratik sa a sanble parèt nan 20èm syèk kote medsen yo t ap eseye trete gason ki genyen pwoblèm seksyèl ki pa two kapab bay sèvis (impuissance sexuelle), yo te konn itilize « Peze Kou a ». Byen rapid yo te bay vag a pratik sila a men ki te vin gaye nan tout bwat kote fanm ap bay gason plezi kote anpil postitiye te espesyalize yo nan pratik sila a men se avèk mouchwa oubyen kòd ki fèt pou sa.

Ki limit pratik sa a selon la lwa nan peyi d’Ayiti ?

Nan peyi d’Ayiti pa genyen lwa sou pratik sila a, sepandan si patnè a ta rive mouri, sa ap konsidere kòm yon ka kote lalwa ap konsidere se patnè a ki tiye lòt patnè ak volonte li menm si se pa t sa li te swete. Si fi a oubyen gason an se pou kont li li pratike l epi li mouri li se yon ka « suisid ».

Nan mond lan genyen ant 300 a 1200 moun ki mouri chak ane nan « Peze Kou pandan y ap fè bagay.

Ki danje ki gen nan Peze kou?

  1. Lè n ap amize peze kou menaj nou lè n ap fè bagay avèk li ou ka tou tiyel sak fè nou di sa ou we nan peze kou ou ka anpeche lè antre nan poumon moun nan a sevol epi li ale nan peyi san chapo san pèdi tan.Si nou ta wè nan peze kou a moun nan endispoze bay vag si non se prizon dwat.
  2. Peze kou pandan n ap fè bagay sa ka bay anpil pwoblèm ki ka grav tankou yon aksidan vaskilè serebral, yon kriz kadyak.
  3. Si yon fi ansent si ou ta gen pwojè fè bagay pa kite yo peze kou w, moun ki gen laj, epi moun ki konn gen kriz epilepsi tou. Se enpòtan.

Ki prekosyon pou nou pran lè n ap peze kou nan fè bagay?

Si yon moun pata nan Peze kou ditou li t ap pi bon menm ke anpil fi sitou pa dakò tande lè yon lòt moun di yo sa. Men kèk prekosyon pou nou pran si tout fwa n ap kontinye fè l.

  1. Pa janm eseye peze kou w pandan ou sèl, lè se ou k ap bay tèt ou plezi pou kò w.
  2. Gen konfyans nan patnè ki ap peze kou ou a.
  3. Respekte limit yo. Lè moun lan di ou kanpe fè sa touswit.
  4. Pa peze kou patnè a nan mitan men sou kote.
  5. Pa kenbe respirasyon ou pandan patnè a ap peze kou a.
  6. Teste patnè a an jwèt pou wè ki rezilta sa ap bay avan ou antre nan fè bagay pou ap peze kou li.

Pratik sila a kapab mennen ak prizon si li mal fèt. Se yon risk li ye. Moun ansent pa dwe fè li.

Yon pati nan atik sila se Dr Lebrun Reginald ki ekri li malgre nou rezime li, nou kapab kontakte li sou e-mail sila a : dr.reginaldlebrun@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *