Ostrali |-. Gwo eskandal pete apre yo dekouvri plizyè manb nan gouvènman k’ap fè bagay nan biwo nan palman an.

Ostrali |-. Gwo eskandal pete apre yo dekouvri plizyè manb nan gouvènman k’ap fè bagay nan biwo nan palman an.

Anpil moun ap rele anmwey depi byen lontan kont konpòtman otorite gouvènman nan peyi Ostrali paske chèf sa yo twò cho. Yo akize anpil ladan yo kòm kwa y ap fè asèlman seksyèl kont fanm yo nan biwo yo.

Gwo eskonbrit pete nan peyi Ostrali apre yon videyo k ap sikile koute manb gouvènman an ap fè bagay nan palman an. Youn nan manb sa yo nan videyo a ap bat laponyèt sou biwo yon depite fi 23 mas dènye a, sa ki vin mete plis lwil sou dife a.

Premye minis konsèvatè peyi a Scott Morisson te deja pat sou bon ray akoz plizyè afè li mal jere, sa vin rann sitiyasyon li vin pi grav apre videyo sa a.

Minis pou fanm yo Marise Payne nan Peyi Ostrali ki se tou Minis afè etranjè deklare ke videyo sa yo bay tèt fè mal e se yon wont pou Otorite yo. Li fè konnen ke gen yon ankèt prese prese ki louvro pou gade kòman anbyans travay la ye nan Palman an.

Videyo sa a ki soti a te pataje sou yon gwoup ant anplwaye konsèvatè yo avan ke jounal The Australian ak Channel 10 te vin li menm montre yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *