Peyi Dayiti ak 15 lòt peyi nan Lamerik la voye jete byen lwen eleksyon ki fèt Venezyela yo.

Peyi Dayiti ak 15 lòt peyi nan Lamerik la voye jete byen lwen eleksyon ki fèt Venezyela yo.

Plis pase 15 peyi nan Lamerik la, pami yo Peyi Dayiti jete byen lwen eleksyon ki fèt nan peyi Venezyela jou dimanch ki te 6 desanm 2020 an poutèt eleksyon sa yo ta gen fwod, dapre sa yo konstate.

Nan yon dokiman ke ansanm peyi sa yo siyen, yo fè konnen ke eleksyon an te gen fwod e ki li pa kadre ak yon Leta de dwa epi li pa respekte dwa chak sitwayen genyen. Selon peyi ki siyen dokiman an, eleksyon yo pat gen transparans.

Ansanm 15 peyi sa yo mande ak kominote entènasyonal pou pote kole pou kapab retabli demokrasi nan peyi Venezyela, pou respekte dwa moun ak Yon Leta kote dwa ap renye.

Peyi ki siyen dokiman sa a se : Ayiti, Repiblik Dominikèn, Brezil, Kotarika, Kanada, Kolonbi, Ekwatè, Èl Salvadò, Gwatemala, Giyana, Ondiras, Panama, Paragwe, Pewou ak Sent Lisi.

Lèzetazini a travè OEA te deja fè konnen ke li pa rekonèt eleksyon sa yo ki pa kadre ak bon jan demokrasi. Linyon Ewopeyèn te ale nan menm sans lan poul te mande pou ekeksyon yo kanpe.

N’ap raple ke nan eleksyon ki te fèt nan peyi Venezyela yo, Pati Nicolas Maduro ki ki se Prezidan peyi a, ranpòte majorite Pòs yo nan palman avèk plis pase 67% vòt yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *