Yon Neyèlandè fè 10 jou nan yon Ayewopò ap tann mennaj li, li pran poto

Yon Neyèlandè 41 lane te sou paj anpil jounal nan peyi Lachin nan lane 2016. Apre li fin rankontre yon fanm sou entènèt, li vwayaje pou li ale rankontre l, mouche a fè 10 jou ap tann fi a vini chèche li nan Ayewopò a li pa janm wè pwent tèt li. Anmore a deprime li manke mouri, l pran wout lopital.

Alexander Pieter Cirk ak Zhang rankontre sou entènèt. Apre 2 mwa y ap pale, Neyèlandè a pran avyon pou li ale nan peyi Lachin pou rankontre anmòrèz li ki genyen 26 lane. Yon bèl prèv lanmou. Mouche a rive nan Ayewopò a li pa wè limyè Zhang, li pa menm konnen tout non fi a.

Alexander ki kwè Zhang p ap ba li poto tann jiska 10 jou nan Ayewopò a. Anpil foto te montre mouche a ki kouche nan Ayewopò a k ap tann. Sou figi li, anpil moun te kapab wè tristès, li te deprime. Apre tèk tan li ta pral pra wout lopital sou yon chèz woulan.

Yon medya Chinwa ki rive jwenn Zhang  » Wi nou te gen yon relasyon anmorez, men m te wè li ap pran distans li » selon sa li esplike. » Alexander te voye montre m biyè avyon an men m pat kwè, m te panse se te blag ». Chinwaz lè fè konnen lè Alexander vini, li eseye rele li telefòn li te fèmen e li te genyen yon randevou ak doktè li yon lòt kote.

Apre li soti lopital Alexander tounen nan peyi li men Zhang fè konnen li vle kontinye relasyon an ak mouche a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *