Nou tout santi kri

Si chèf ak politisyen malonèt isi pa gen nen pou pran sant labou isi dotan yap mache pyafe sou yo chak jou, o mwen militan ta dwe fini pa pran konsyans. Si nèg isi devan pouvwa pap janm bay legen, se poun fòse yo fè bak ak tout mwayen.

Nap viv yon peyi kote tout moun sou mòd silans, sa y ap toupizi yo ap fè soupi anba lavi chè , lamizè ak ensekirite. Genyen sa ki kouri al kache nan tèt mòn, gen lòt ki reziye yo kouche kò pèdi ap tann mouche lanmò pandan lèzòt gwo babin yo ap danse pyafe, dechire apresa deside sou repatisyon mizè pou tout mas la. Kisa nou fè pousa ?

Avanyè la a sou Jovenel, Edmonde, André Michel, Marjorie, Nènèl, Youri ak tout lòt yo te kole tèt yo tankou kòkòt ak Figawo pou dechire ti moso nou te rete a kòm peyi. Se ak tristès jodia menm kò lyon sa yo youn ap dechire lòt tankou chyen ki nan vyann chwal mal pase. Konplis avanyè yo tounen ènmi jodi, youn ap akize lòt, youn ap voye toya sou lòt. Kòmsi jèn militan , se pou sa yo nou tap mache chire soulye nou sou beton lanfè? Jèn etidyan , jèn diplome, se sayo nap kite reprezante n toujou?

Boujwazi a depi 35 lane ap deside sò nou ak politisyen sèvèl pòv ki kwè nan rive vit pandan tout pèp la ap kwoupi. Menm Boujwa sa a ak politisyen yo gagote lajan peyi a. Premye minis, minis ak direkte jeneral fè 35 lane ap dechouke kès leta ak lajan èd pou peyi a, yo bati kay bò lanmè ak achte gwo chato nan peyi letranje. Pèp la la, dlo ap tonbe nan twou zòrèy li anplis de sa pa genyen la manjay ak sekirite.

Jodia Ariel ap koupe rache nan non pèp, lap pase pèp lòd kwape sila yo ki vle pwoteste. Kiyès li ye? Ki pèp ki te metel, ak ki pèp l ap pale? Si pèp te vle ala leson nou ta bay nèg isi, si pèp te ka pran konsyans vre ala bèl Ayiti ta bèl.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *