NouKonsyan denonse sitiyasyon « malouk » peyi a ap fè fas dènye tan sa yo

NouKonsyan denonse sitiyasyon « malouk » peyi a ap fè fas dènye tan sa yo

Nan yon kominike pou laprès, nan dat 19 dawout 2022 a, NouKonsyan eksprime l sou sitiyasyon malouk peyi a ap fè fas, sitou jenès la epi li raple tout moun yon fwa pou tout li pa gen atachman ak okenn akò.

Pou estrikti sila, sèl solisyon pou peyi a sòti nan kriz li ye la a, se jenès la ki pou patisipe nan batay la pou yo rive kreye yon espas kote tout moun kapab viv tankou moun.

Si anpil estrikti politik ak pèsonalite nan sosyete sivil la pa sispann pote kri endiyasyon yo byen wo akoz pwoblèm yo k ap vin pi mangonmen chak jou pi plis, se menm jan tou pou mouvman sosyopolitik NouKonsyan ki pa pè mete dlo nan bouch li pou li denonse ak tout fòs li echèk rejim PHTK a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : NouKonsyan

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *