« Demokrasi a an danje nan peyi Dayiti « : Se yon fraz ki sèvi anons yon lèt gwoup jèn petwotchalenndjè, #Nou konsyan, adrese sekretè jeneral nasyonzini an, Mesye Antonio GUTERRES nan dat 14 fevriye 2021 an.
Nou konsyan, yon gwoup jèn entèlektyèl kap reklame kote kòb petwokaribe a, nan jou ki te 14 fevriye 2021 an, retire baboukèt nan bouch yo, pou enfòme nan yon lèt sekretè jeneral nasyonzini an, Mesye Antonio GUTERRES, sou tout zak briganday malonèt kap fèt demokrasi a nan peyi dayiti.
Gwoup jèn sa a, pwofite fè sekretè nasyonzini an konprann manda prezidan Jovenel MOÏSE tanmen bout li, depi 7 fevriye 2021, selon atik 134-2 nan Konstitisyon nou gen pou kounya la ak atik 239 ki nan dekrè elektoral 2015 la. Anplis, apre 7 fevriye ki sot pase la, fòk gen yon pouvwa tranzisyon, paske ekip ki te sou pouvwa a pat janm kreye kondisyon pou bon jan eleksyon, se sa gwoup jèn nou konsyan yo ekri.
Se konsa jèn sa yo kontinye pou fè sekretè a konnen, peyi dayiti nan dènye tan sa yo la, konnen anpil dega ak vyolans, kote dwa moun pa respekte, pa gen estabilite politik, pa gen ni chanjman sosyal ak ekonomik pou tèlman zak banditis, koripsyon, ak vyolans ap taye banda. Pou soti nan sitiyasyon sa a selon gwoup jèn sa yo, popilasyon an vle angaje l nan yon batay pou demantibile tout baryè, epi jwenn yon lòt pwojè sosyete nan tèt ansanm, nan avansman ak lespwa. Men, Madam Lalime, ki se reprezantan BINUH an, kanpe an kwa douvan tout jefò chanjman.
Nan menm lèt sa a, jèn petwotchalenndjè sa yo, di klè kou dlo kòk zak koripsyon, vyolans ak banditis prezidan Jovenel MOÏSE ak madanm li te enplike, tankou kòb petwokaribe a selon rapò Lakoudèkont, lajan kap fè chemen kwochi atravè yon pakèt antrepriz ki pa menm egziste ( AGRITRANS, COPHENER, BRETEX, SOFIDAI), kontra kat dèmalog la, leta kap bay bandi zam, ak patisipasyon Prezidan an nan masak Lasalin, Kafoufèy ak Bèlè. Selon nasyonzini, direksyon santral polis jidisyè an, ak yon latriye òganizasyon dwa moun, tankou Rezo nasyonal k ap defann dwa moun ( RNDDH) ak CARDH, krim sa yo se leta ki fè yo, nan lide pou simaye vyolans pou fè moun k ap reklame dwa yo ak opoze pouvwa yo gen laperèz.
Jèn entèlektyèl sa yo rapòte sekretè a, enfòmasyon sou kolaborasyon Madam Helen Lalime ak prezidan Jovenel MOÏSE, nan chanje jij pasi pala, nan chanje konstitisyon, nan demantibile palman, nan fè maskarad jan yo vle nan lajistis la, nan dechouke lapolis la ki vin tounen kò lapolis Jovenel MOÏSE. Madam Lalim antre ak tout boulin nan zafè peyi dayiti, pou vyole dwa moun, pou aji antanke kolon, e se sou lòd li prezidan Jovenel MOÏSE mache san gade dèyè nan mannyè l ap gouvène peyi a. Reprezantan BINUH an kontribiye pito nan demounize moun nan peyi dayiti, epi jete lwil sou dife sanginè prezidan Jovenel MOÏSE la. Sekretè jeneral nasyonzini an tou aprann nan lèt la, Madam Lalim, ki se yon reprezantan nasyonzini, pa fè lonè imaj Enstitisyon sa nan mond la ak nan peyi dayiti.
Toujou nan menm sijè sa a, jèn Nou konsyan yo, raple Mesye Antonio GUTERRES, Jovenel pa sispann simen laperèz nan bouske gwoup gang sa yo ki rele G9 la. Gen yon ensekirite ak tout boulin k ap ravaje peyi a nan moman sa yo la. Jimmy Cherizier ki se chèf gwoup gang G9 la, lapolis ap chache l pandan l konn nan manifestasyon kote menm lapolis sa a ap pwoteje l. Poutan, menm lapolis sa tou konn ap tire sou ti pèp la, k ap manifeste kont sistèm sanginè sa. Ki bilan BINUH an, Kisa BINUH an fè nan mete men nan kòlèt Fednel Monchéry ak Pierre Richard DUPLAN, ki se responsab masak lasalin la, k ap flannen san kè sote tout kote, kisa madam Lalim janm fè nan dekrè Jovenel MOÏSE ap pran yo, nan vyolasyon konstitisyon an, nan zak diktati pou mete enstitisyon piblik yo sou lòd li, nan revoke manda jij yo : se ansanm kesyon gwoup jèn petwotchalenndjèz yo, Nou konsyan, pa bouke poze.
Boutofen, nan sa ki gen pou wè ak manda Jovenel MOÏSE la, Nou konsyan anonse sekretè nasyonzini an, pou di tout sektè nan sosyete a alawonnbadè, tankou konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, federasyon bawo yo nan peyi dayiti, konferans episkopal nan peyi dayiti, legliz pwotestan nan peyi dayiti, òganizasyon dwa moun yo ak sosyopwofesyonèl yo ak inivèsite yo, daprè analiz sou atik 134-2 nan konstitisyon ayisyen an, konnen manda ansyen prezidan Jovenel tanmen bout depi 7 fevriye ki sot pase la.
Pilate VOLTAIRE, Ernst VILSAINT, Ebens CADET, Makenson JEAN BAPTISTE, Jean MANIS : se ansanm moun ki siyen lèt sila.
Sedrique DESIRUS
_