Politik|-. Sonel Joseph mande Jèn Peyi Dayiti pou reveye yo pou peyi a pa fin plonje nan twou.

Politik|-. Sonel Joseph mande Jèn Peyi Dayiti pou reveye yo pou peyi a pa fin plonje nan twou.

Kowòdonatè Nasyonal Koze Jèn Yo, Sonel Joseph, nan yon mesaj li adrese a Lajenès Peyi Dayiti nan jounen lendi 8 fevriye 2021 an, drese yon tablo nwa kou lank de sitiyasyon malsite ak kriz peyi Dayiti ap viv. Nan Mesaj sa a, lidè mouvman Koze Jèn Yo mande jenn gason ak jenn fanm yo pou koupe fache ak ansanm pratik politisyen tradisyonèl yo paske klas sa a echwe. Politològ la tou pwofite fè kèk rekòmandasyon a tout fanm ak gason vanyan e konsyan pou retire peyi an nan twou fènwa li twouve li a.

Li tèks la nèt

MESAJ POU JENÈS LA

Lonè ak respè pou tout jenn fanm ak jenn gason ki dakò batay pou chanjman peyi yo pandan yap mete tout fòs, enèji ak kapasite yo genyen pou yon byennèt kolektif. Chapo ba pou nou.

Jenès peyi m, mwen santi nou pran anpil desepsyon akòz anpil atant ki pa konble sitou ak sa nou te espere batay 7 février a te ka pote kòm rezilta. Kontrèman ak atant nou, nou leve tou wont ak vizaj demokrasi a chifonnen.Tank atant yo plis, se tank desepsyon yo ap plis. Men map di nou, mwen pa pami sila ki desi yo, paske m pa t janm espere anyen de batay sa sitou ak mòd moun nou konsidere kòm aktè pou mennen batay la epi mòd pratik politik ansanm aktè sa yo.

Jodia nou dwe pi entèlijan, nou dwe revize kaye nou pou n korije erè pase yo. Nou dwe gen kapasite pou n antisipe rezilta yo pou n konnen kisa nou vle, ki mòd aksyon ki pou bannou ki rezilta. Jodia mwen vin di nou menm ti bagay mwen abitye di nou an, « Fè jwèt pa nou ». Sispann gaspiye enèji nan yon bann moun ki echwe ki pral rann nou echwe. Depi 2018 se sa map di. Nou bay kowòm twòp, aprann pran tan pou n konstwi yon batay. Nou gaspiye plis pase 2 lane nan bay bourad ak moun ki pagen menm objektif ak menm misyon ak nou. Podyab pou nou ki kwè e ki vle yon chanjman pou peyi a e ki vle se ak moun sa yo poun pote chanjman an. Nou ka kreye pwòp opòtinite pa nou, ann pran yon ti tan, yon ti pasyans pou n konstwi yon batay otonòm kote nap konsantre tout fòs nou, mete anpil rezistans poun atenn objektif nou yo.

Chak fwa se moun sa yo nou chwazi pou n kite deside pou nou, chak fwa se yo nou chwazi suiv n ap toujou pran desepsyon paske pagen anyen yo ka pote kòm satisfaksyon pou pèp ayisyen an. Se yon ekip moun ki fin rann sa yo te ka bay la e ki pagen anyen anplis yo ka pote, sinon se plis rayisman, plis divizyon, plis rankin, plis vye zak ki pa kadre ak devlopman ak pwogrè. Pagen anyen pou n patizan la, pagen anyen pou n fanatik la, pagen anyen pou n sipòte kòm pratik politik nan sa kap fèt la yo.

Jodia li klè, nou rate tout gwo okazyon ki te ka fè nou pote chanjman pou peyi a, nou pral oblije tann ant 5 ak 10 lane ankò anvan pou n jwenn lòt opòtinite ankò. Mwen pa pwofèt malè, men jan nou aji pral fè pèp la konnen ant 5 ak 10 lane anplis nan mizè, tansyon, divizyon ak rankin paske nou refize pran bon desizyon an. Mwen regrèt tansyon yo ki pral kontinye monte pi plis, mwen regrèt zak kidnapin yo ki pwobab pou kontinye, mwen regrèt ensekirite a ki pwobab pou kontinye Vale teren, mwen regrèt kriz politik la ki pral pran plis rasin, mwen regrèt mizè a ki pral pi rèd sèlman paske nou pajanm fè bon chwa a. Fòm di nou sa jodia, menm sistèm ki bwè grandèt yo gentan pare pou bwè anpil nan nou si n pa chanje konpòtman ak Mòd aksyon nou yo.

Jenès peyi m, Men sa map mande nou:

1- Ann Koupe fache ak vye pratik politik politisyen tradisyonèl yo vle kite bannou tankou: rankin, divizyon ak rayisman. Ann fè plas pou lanmou, dyalòg ak tèt ansanm.

2- Ann Pran distans nou ak pouvwa ak opozisyon politik la epi pran tan, pasyans, pou konstwi yon batay politik endepandan epi otonòm ki plis entèlijan ki ka fè rezistans ak enjistis, koripsyon ak enjerans.

3- Ann Òganize nou sou beton an, regwoupe nou anndan gwoupman jèn ki otonòm, ki pa nan mare sosis ak politisyen tradisyonèl yo e ki pap fè jwèt yo tou. Ranfòse sa ki egziste yo, epi sa ki egziste yo dwe kreye pratik travay ansanm.

4- Ann Prepare nou pou n entegre espas desizyonèl yo. Prepare nou pou n pran pouvwa nan tout Nivo nan peyi a sitou nan nivo kolektivite teritoryal yo ak nivo lejislatif.

5- Ann Aksepte defèt klas politik la poun ka pran plis tan nan òganize nou ak ranfòse tèt nou olye nan bay politisyen tradisyonèl bourad.

6- Ann mande sila ki di yo se otorite yo ak sila ki di yo nan opozisyon yo pou yo kanpe sou komedi sal ak espektak gratis yap offri popilasyon an. Sa ki pabon ditou pou imaj demokrasi a nan peyi Dayiti. #Stop_komedi

Jenès peyi m, nou pa gendwa ni rate ni trayi misyon nou, nou dwe akonpli l paske jenerasyon kap vini yo pral mande nou kont. Ann pran bon desizyon an, ann fè jwèt pèp ayisyen an, ann fè jwèt pa nou. #Jwè_Nèf

Sonel JOSEPH
Coordonnateur Général
KOZE JÈN YO

About Author

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *