
Ayè mèkredi 12 oktòb la, Premye Minis defakto a, Ariel Henry rankontre yon delegasyon Ameriken ki te gen nan tèt li Sousekretè Deta Adjwen Afè Emisferik yo, M. Brian Nichols. Diskisyon yo te dewoule sou konjonkti aktyèl la, kriz imanitè ak kesyon sekirite a.
Nan kad yon rankont, ayè mèkredi a, Premye Minis Ariel Henry, Minis afè etranjè a ansanm ak lòt otorite nan gouvènman an te chita pale avèk yon delegasyon Ameriken. Delegasyon sila ki gen nan tèt li Sousekretè Deta Adjwen Afè Emisferik yo, M. Brian Nichols, te gen ladan l tou Direktè Biwo entènasyonal ki gen pou misyon lite kont dwòg epi fè aplike lwa ki konsène sa, Konseye Afè Emisferik Vis Prezant Kamala Harris la, kòmandan militè adjwen » Southcom » epi Chaje Dafè Etazini an Ayiti.
Rankont ant tout aktè sa yo te yon okazyon pou yo te diskite sou plizyè sijè tankou konjonkti aktyèl la, kriz imanitè ak kesyon sekirite a.
M. Brian Nichols montre angajman peyi l genyen pou ede Ayiti menm jan tou li envite tout aktè lokal yo pou yo mete tout diferans yo genyen a kote pou yo kapab jwenn yon akò k ap kondwi yo tèt dwat vè eleksyon, lè kondisyon yo pèmèt sa.
AlixISRAËL
alixisrael53@gmail.com