Sektè Jenès Ayisyen an pran distans li ak KEP Ariel Henry vle enpoze a epi plede an favè yon dyalòg ant tout sektè

Sektè Jenès Ayisyen an pran distans li ak KEP Ariel Henry vle enpoze a epi plede an favè yon dyalòg ant tout sektè

Sektè Jenès Ayisyen an – nan yon nòt li mete deyò jodi mèkredi 20 oktòb la mande Premye minis Ariel Henry pou li priyorize sekirite peyi a e kanpe sou pike devan pou mete yon KEP ki kapab lage peyi an nan plis katchouboumbe nan jou ki ap vini yo. Sektè a di li pran distans li kont tout fòmasyon KEP ki pa fèt nan bon jan dyalòg ak tout sektè ki reprezante fòs peyi a.

Ansanm Òganizasyon ki regwoupe yo anba bonèt Sektè Jenès la – nan yon kominike yo rann piblik pozisyone yo sou kriz ki ap brase bil peyi a. Nan sa yo ekri, yo mande Premye minis Ariel Henry, fè yon ti kanpe sou desizyon tèt chat li ap pran yo epi panse pou mete sekirite nan peyi a pito.  » Nan moman difisil peyi a ye la, pwoblèm ensekirite peyi a dwe rezoud anvan nou panse ak koze eleksyon. Paske fok gen sekirite pou nou ka òganize bon jan eleksyon » – se sa sektè a reklame.

Pi lwen nan nòt sila a – mesye dam Sektè Jenès Ayisyen an pwofite envite nanchon an pou li pran distans li ak tout politisyen malonèt ki mete ak Premye Minis lan pou mete kanpe yon KEP – san okenn chita pale ak tout sektè ki reprezante fòs peyi a. « Nou rete dispoze e disponib pou patisipe nan yon KEP apre chita ak tout sektè yo. Nou kwè jenès la dwe patisipe nan KEP kap gen pou monte a, men pa gen KEP kap ka pote rezilta Sil pa soti nan yon dyalòg » se sa yo ekri nan nòt la.

Ansanm Òganizasyon Sektè Jenès la plede pou yon chita pale je nan je ant Ayisyen pou retire peyi an nan salnenday li twouve li depi 34 lanne kote se kriz ensekirite, kidnaping – movèz gouvènans, enpinite – vyolasyon dwa moun, Esklizyon ak yon Kriz mouniteb – vin ateri sou zak sasinay Prezidan Jovenel Moïse,  sa ki lakòz nou pèdi Direksyon epi bay endinyasyon ak tout pitit peyi a – selon sa yo ekri.

Pou fini – Sektè Jenès Ayisyen an mande aktè yo, sila yo ki siyen akò Ariel ou byen Akò Montana pou yo degaje yo kou mèt Janjak-  mete yo ak Jenès la – pou gen yon sel akò ki pou mete Peyi a dakò.

About Author

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *