
Tyè sena a fè konnen kriz tout kalte peyi a ap travèse vin pi grav sou gouvènans Ariel Henry nan tèt peyi a depi plis pase yon lane. Sou baz obsèvasyon sa a, gwoup senatè ki fòme tyè Sena a plede an favè yon akò ak tout aktè yo pou rezoud kriz politik la.
Nan yon nòt pou laprès, ayè 8 septanm 2022 a, tyè Sena a fè konnen li konstate sitiyasyon politik, sosyal ak ekonomik peyi a vin deteryore. Li fè konnen tou Premye Minis Ariel Henri pa pote okenn solisyon pou retire peyi a nan sitiyasyon sa a. Sa ki reveye kòlè popilasyon an chak jou pi plis k ap reklame : sekirite nan tout peyi a ; wout Matisan debloke pou machandiz kapab rantre ; bese pri manje ; rann petwòl disponib nan tout peyi a ; elt.
Nan sans sa, tyè Sena a twouve li ijan pou gouvènman defakto Ariel Henry a, aktè politik ak sosyete sivil la mete tèt ansanm pou débouche sou yon akò politik pou fòme yon pouvwa tranzisyon k ap la pou bay repons konkrè e rapid a revandikasyon pèp la.
AlixISRAËL
alixisrael53@gmail.com